Accessibility links

Breaking News

Ajantin-Almay: Yon Dyèl Ant 2 Jeyan Pou Final Koup Dimond Foutbòl 2014 la


Ajanten Lionel Messi (agoch) ansanm ak Pablo Zabaleta ap selebre viktwa seleksyon yo a nan semi final koup dimond la kont La Oland nan vil Sao Paulo.(9 jiyè, 2014)
Ajanten Lionel Messi (agoch) ansanm ak Pablo Zabaleta ap selebre viktwa seleksyon yo a nan semi final koup dimond la kont La Oland nan vil Sao Paulo.(9 jiyè, 2014)

Fanatik foutbòl ajanten yo pase nwit la ap selebre viktwa 4 a 2 seleksyon nasyonal yo a sou La Oland sou "tirs de pénalités. Siksè a pare teren an pou yo afwontman dimanch 13 jiyè a ak Almay nan final koup di mond la. Dyèl sa a pral dewoule nan stad Marakana a, nan vil Rio de Janeiro, o Brezil. Gadyen ajanten an, Sergio Romero, bloke 2 penalite olandè yo choute. Sa fè 5èm fwa ajanten yo rive nan final yon koup dimond ( 1930,1978, 1986, 1990 ak 2014.) Ajanten yo ranpòte koup di mond la 2 fwa: an 1978 (kòm peyi òganizatè) epi an 1986. Seleksyon "albiceleste" a te pèdi final 1990 la devan Repiblik Federal Almay (Almay de Lwès).

Reyaksyon Laprès

Laprès nan peyi Ajantinn pa manke pa chante lwanj pou seleksyon Nasyonal ble e blan an, sitou pou 2 nan vedèt li yo : Romero et Mascherano

Gen yon jounal ki ekri :

  • Yo tap tann : Messi, Agüero, Higuain, en byen yo jwenn Romero ak Mascherano .
  • Javier Mascherano se yon invincible» selon jounal la.

Antrenè seleksyon olandè a, Louis Van Gaal, defann desizyon li pran pou l pat mete gadyen Tim Krul nan plas Jasper Cillessen tankou l te fè pandan rankont Kosta Rika a nan faz kar de final la. Selon antrenè a, chwa li te gen devan l yo pat anpil.

Obsèvatè yo kwè Tim Krul, ki te bloke 2 penalite nan kar de final kont Kosta Rika, te kapab sove Olandè yo. Dapre antrenè Van Gaal, penalite se yon kesyon chans : Ekip ki make plis gòl la ranpòte rankont la.

Antrenè Louis Van Gaal pat mete dlo nan bouch li pou l kritike FIFA ki kontinye ap fè 2 ekip pèdan yo jwe yon match konsolasyon pou 3èm plas la. Van Gaal, ki pral antrene Manchester United apre koup di mond la, di li gen plis pase yon dizèn lane depi l ap mande òganizasyon foutbòl entènasyonal la elimine match konsolasyon an. FIFA di match 3ièm plas la ekziste depi 1930, ane koup di mond la te kòmanse. Etazini te fini 3ièm nan inogirasyon konpetisyon an, lè Yougoslavi te refize jwe rankont la. La Oland ap rankontre Brezil samdi 12 jiyè, nan match konsolasyon an.

Vatikan lage dout sou posibilite pou Pap François, ki te pran nesans nan peyi Ajantin, chita ansanm ak Pap Emerit, Benoit 16, yon ansyen pap alman, pou asiste ansanm final koup di mond la ant 2 peyi yo.

Yon lòt kote, FIFA sispann federasyon foutbòl Nijerya a nan tout aktivite ki gen pou wè ak foutbòl entènasyonal apre gouvènman an revoke e fè arete prezidan federasyon an, Aminu Maigari, ak komite ekzekitif la. Desizyon an afekte Seleksyon Nasyonal maskilen, feminen ak klub yo ki pap kapab patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal. Si desizyon sa a pa leve disi 15 jiyè, seleksyon foutbòl feminen U-20 an pap kapab patisipe nan pwochen koup di mond kategori sa a.

Otorite Nijeryan yo te gen jiska madi 9 jiyè pou yo retounen nan pòs li msye Maigari ak manb komite ekzekitif la. Otorite yo te akize responsab foutbòl nijeryan an kòmkwa li pat chache rezoud pwoblèm "prime de match" jwè seleksyon an avan patisipasyon yo nan Koup dimond Brezil 2014 la.

  • Camilo Zuniga toujou anba gwo pwoteksyon apre li resevwa yon menas de mort . Lap resevwa pwoteksyon sa a ni nan Bogota ni nan Naple.
  • Neymar ki te pran chok e ki pa ka kontinye jwe mondyal la retwouve ko-ekipye l yo e lap akonpaye nan vil Brazilya pou match 3e plas la kont La Oland.

XS
SM
MD
LG