Accessibility links

Breaking News

Moman Verite a ap Vanse Pou Koup Dimond Brezil 2014 la


Prezidant brezilyen an, Dilma Rousseff, k ap admire sou foto sa a twofe Koup di mond la. (Foto 2 jen 2014.)
Prezidant brezilyen an, Dilma Rousseff, k ap admire sou foto sa a twofe Koup di mond la. (Foto 2 jen 2014.)

Demi final koup di mond Brezil 2014 la rive nan dènye kare a madi 8 jiyè a lè Almay va rankontre Brezil nan yon nouvo dyèl ant 2 sipè pwisans foutbòl kontinan sidameriken e ewòpeyen an. Brezil pap gen sèvis atakan vedèt li a, Neymar, ki blese ni sèvis defansè Thiago Sylva ki pran 2 katon jon. Antre tan, move nouvèl pou fanatik brezilyen yo: FIFA rejte demand Brezil te prezante pou mande l rekonsidere katon jòn Thiago Sylva te resevwa nan dènye match la.

Se abit Meksiken Marco Rodriguez, ki te abitre rankont Itali/Irigwe a, ki pral dirije semi final ant Brezil ak Almay k ap dewoule nan Belo Horizonte.

Nan istwa foutbòl ant 2 gran jeyan foutbòl sa yo, Brezil ak Almay rankontre 21 fwa deja: Nan afwontman sa yo seleksyon auriverde a ranpòte 12 viktwa kont 4 pou alman yo epi yo te fè 5 match nil. Brezilyen yo make 39 gòl e Alman yo 24. Dènye fwa 2 seleksyon yo te rankontre nan yon koup di mond se te an 2002, nan Yokohama, o Japon. Brezil te ranpòte match la 2 a 0 pou l pran twofe a.

Nan koup Konfederasyon yo, Brezil bat almay 2 fwa. Brezilyen yo te wouze alman yo 3 a 2 nan Nuremberg, ann Almay an 2005 epi 4 a 0 nan Guadalajara, O Mekisik, ann 1999. Nan match egzibisyon, Seleçaõ a ranpòte 9 match amikal devan almay. Li pèdi 4 rankont e fè 5 match nil. Dènye fwa 2 seleksyon yo te rankontre se te an 2011, nan Stuttgart, ann Almay---rmatch Alman yo te ranpòte 3-2. Brezil ranpòte 5 koup di mond tandiske Alman yo ranpòte 3 fwa konpetisyon an.

Lòt demi final la dwe dewoule mèkredi 9 jiyè ant yon lòt jeyan foutbòl sidameriken an, Ajantinn ki pral woule balon ak Oranj Mekanik la: La Oland.

Ekip Costa-Rika a, revelasyon "Mondial la", retounen lakay li apre eliminasyon li devan La Oland.

Yon lòt kote, Seleksyon Nasyonal fransèz la resevwa yon bèl akèy nan ayewopò entènasyonal, Le Bourget, apre eliminasyon li 1-0 nan match kar de final la Koup Dimond lan devan Lalmay

Nan Bogota, Kolonbi, plizyè dizèn milye fanatik, ki te abiye an jòn e wouj, te akeyi seleksyon kolonbyen an ki elimine nan kar de final konpetisyon an fas a Brezil 2 a 1. Eliminasyon Kolonbi a mete fen tou nan karyè gadyen seleksyon an, Farryd Mondragon, apre yon karyè 24 an. Mondragon, 43 zan, te jwe premye rankont li pou Cafeiteros yo nan mwa Me 1993 devan Venezuela. Mondragon te defann kan 11 klib nan 7 peyi.

Kèk chif anvan demi final Koup di mond Brezil 2014 la: genyen 159 gòl ki make pou 60 match swa 2,65 par gòl par match. Abit yo distribye 10 katon wouj, 168 katon jòn ak 11 penalite.

Lendi 7 jiyè a fè 40an depi kapitèn ekip almay de Lwès la, Franz Beckenbauer, te leve twofe koup di mond la apre Mannschaft la te kale La " Hollande de Johan Cruyff la", 2 a 1 nan match final la ki te dewoule nan vil Munich, peyi Almay.

Sou kontinan afriken an, otorite yo nan Nijerya refize retounen sou desizyon yo pran pou revoke prezidan federasyon foutbòl nijeryan an, Aminu Maigari, ansanm ak tout komite ekzekitif la apre yo pat rezoud pwoblèn prim pou patisipasyon jwè seleksyon an te sipoze touche avan demaraj Koup Dimond la. Responsab yo fè konnen y o pra l òganize nouvèl eleksyon. Règleman FIFA yo entèdi entèferans gouvènman yo nan zafè foutbòl yon peyi. FIFA, ki pa rekonèt desizyon gouvènman Nijeryan an, bay otorite yo jiska madi 8 jiyè pou retounen msye Maigari nan pòs li sinon Nijerya pral fè fas ak sanksyon, tankou entèdi seleksyon an ak klib yo patisipe nan oken aktivite foutbòl. Yon desizyon konsa kapab anpeche Nijerya defann tit Koup Dafrik dè Nasyon an nan peyi Mawòk an 2015. Nijerya menm jan Aljeri te elimine nan faz dechoukaj koup di mond Brezil 2014 la.

Lòt nouvèl : Yo fè konnen otorite yo arete prezidan federasyon an apre retou seleksyon an nan peyi a. Yo akize l deske "anbarase peyi a devan lemond antye" daprezavwa li pat rezoud pwoblèm bonis jwè yo.

Responsab yo nan lopital brezilyen, kote Neymar t al resevwa swen, apre li te blese vandredi 4 jiyè, revoke enfimyè ki te filme arive foutbolè a nan sant ospitalye a epi pibliye l sou entènèt la.

Foutbolè lejandè espayòl, Alfredi di Stefano, mouri nan yon lopital nan vil Madrid, kapital Espay, lendi 7 jiyè a. Di Stefano, 88 tan, te gen okazyon jwe ni pou seleksyon nasyonal Ajantin nan ni pou seleksyon nasyonal Espayòl la. Defen Di Stefano se te prezidan donè Real Madrid, youn pami pi gran klib foutbòl ki genyen sou planèt la.

XS
SM
MD
LG