Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan-Vyolans: Konfwontasyon ant Izrayelyen ak Palestinyen nan Jerizalèm e sou Tèritwa Gaza a.


Yon Palestinyen ap pote yon moso debri tou pre yon kan ki anba kontwòl Hamas apre aviyasyon militè Izrayèl te lanse yon atak sou Vil Gaza. (Foto: 3 jiyè 2014).
Yon Palestinyen ap pote yon moso debri tou pre yon kan ki anba kontwòl Hamas apre aviyasyon militè Izrayèl te lanse yon atak sou Vil Gaza. (Foto: 3 jiyè 2014).

Nan peyi Izrayèl, tansyon an pa sispann monte nan vil Jerizalèm aprè otorite yo te dekouri, mèkredi 2 jiyè a, kadav yon jenn palestinyen ki te disparèt byen bonè nan jounen an. Anpil moun panse jenn palestinyen sa a pèdi lavi li akoz sa k sanble ak yon zak revanj pou asasina 3 jenn jwif ki te tonbe anba men kidnapè sou tèritwa palestinyen yo sa genyen 2 semèn konsa.

Gouvènman israyelyen an lanse apèl bay tout pati pou l mande yo mete dlo nan diven yo, aprè lapolis te jwenn kadav ti palestinyen an nan yon forè ki tou prè Jerizalèm. Mark Regèv, pòtpawòl gouvènman Premye Minis Benjamin Netanyahu a, di otorite yo pa ta renmen wè sitiyasyon an vin pi konplike. Misye Regèv deklare:

“Premye Minis Natajyanu pase lòd pou yo mennen yon ankèt ki pou bay verite sou kesyon sa a pi vit ke posib. Li lanse apèl bay tout moun pou yo pa fèt pwòp tèt yo jistis, pou yo pa pran plas lapolis ak lajistis.”

Manifestan palestinyen kap pwoteste lanse kout wòch sou lapolis anti-emet izrayelyen ki reponn ak kaz lakrimojèn e ak kout-boulèt an kawoutchou. Jiskaprezan lapolis poko konfime si wi ou non, kadav yo dekouvri a se kò yon jenn palestinyen ki rele Mohammed Abu Koudair, jan kèk sektè ap di l la. Sepandan, divès temwen fè konnen yo te wè yon gwoup izrakeyen ki tap fòse misye antre nan yon machin nan Jerizalèm-Es anvan machin nan te derape ak tout boulin.

Nan Washington, administrasyon Obama a kondane asasina sa a ki, daprè li, se yon zak tèrib ; li lanse apèl pou l mande lapè nan Jerizalem. Josh Earnest, sekretè enfòmasyon nan La Mezon Blanch, presize pozisyon gouvènman ameriken an. Li di:

“Nou lanse apèl bay gouvènman israyelyen an ak Pouvwa Palestinyen an pou n mande yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou yo evite yon sitiyasyon kote tout moun ap chache pran revanj, kote tout pati vle reponn kif-kif.”

Gouvènman israyelyen an lanse avètisman pou l di li pral koresponn yon fason dyanm e solid ak tout moun ki vle twouble lapè nan Jerizalèm, tandiske prezidan Pouvwa Palestinyen an, Mahmoud Abbas bò kote pa li, di otorite izrayelyen yo genyen obligasyon pou yo pini moun ki responsab lanmò jenn palestinyen an.

Dènye nouvèl yo fè konnen lame Izrayèl la voye ranfò sou fwontyè peyi a ak Gaza aprè yon ogmantasyon nan kantite wòkèt kap sòti sou tèritwa palestinyen sa a e ki al tonbe ann Izrayèl. Jedi 3 jiyè a, avyasyon militè Izrayèl atake kèk pozisyon nan Gaza pandan militan yo kontinye lanse wòkèt sou Izrayèl.

XS
SM
MD
LG