Accessibility links

Breaking News

Fen Premye Faz Dechoukaj Koup di Mond Foutbòl la


Gadyen ameriken Tim Howard k ap bloke yon balon bèlj Kevin Mirallas shoute nan match 8èm de final ant Beljik/Etazini nan vil Salvador, Brezil (1er jiyè, 2014.)
Gadyen ameriken Tim Howard k ap bloke yon balon bèlj Kevin Mirallas shoute nan match 8èm de final ant Beljik/Etazini nan vil Salvador, Brezil (1er jiyè, 2014.)

Premye faz dechoukaj koup di mond Brezil 2014 la ou byen 8èm de final la fini madi 1 jiyè a ak 2 rankont. Ajantinn te oblije jwe pwolongasyon pou l elimine Laswis ak yon viktwa 1 a 0. Etazini tonbe devan Labèljik 2 a 1.

Gadyen seleksyon ameriken an,Tim Howard, defann gòl ameriken an plis fwa ke nenpòt lòt gadyen nan 50an istwa foutbòl la. Tim Howard, ki bloke 16 chout, resevwa pri meyè jwè pou rankont la malgre defèt seleksyon Lèzetazini an:

Tablo jeneral koup di mond la apre match 8èm de final yo: 5 rankont fini nan pwoplongasyon -2 pami yo te bezwen panalite pou deside venkè yo.

Statistik rankont ki dewoule deja yo: 56 match jwe, 154 gòl make, pami yo 10 sou penalite, swa yon mwayè n mwens ke 3 gòl pa match.

  • Peyi ki make plis gòl nan konpetisyon an, La Oland fini an premye ak 12 gòl devan Kolonbi ki make 11; Lafrans make 10, Almay 9 epi òganizatè konpetisyon an, Brezil, make 8 gòl.
  • Nan klasman bitè yo, nou jwenn kolonbyen James Rodriguez: 5 gòl . Messi(Ajantin), Neymar (Brezil),Tomas Muller(Almay) ki make yo chak 4 gòl.
  • Abit yo distribye yon total 153 katon jon plis 10 katon wouj.
XS
SM
MD
LG