Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon : Prezidan Obama Anonse Refòm Enpòtan nan sistèm nan.


Prezidan Barack Obama, avèk Vis Prezidan Joe Biden bò kote l, fè yon poz pandan li tap anonse plan refòm li pou sistèm imigrasyon an. (Jaden Woz La Mezon Blanch nan Washington).
Prezidan Barack Obama, avèk Vis Prezidan Joe Biden bò kote l, fè yon poz pandan li tap anonse plan refòm li pou sistèm imigrasyon an. (Jaden Woz La Mezon Blanch nan Washington).

Prezidan ameriken an Barack Obama anonse, nan jounen madi premye jiyè 2014 la, administrasyon n nan app ran kèk dispozisyon pou l pote refòm nan sistèm imigrasyon an. Nan sans sa a, misye Obama di si kongrè a pa vote sou yon lwa sou ki deja pase deja nan Sena a e ki rete bloke nan Chanm Depite a, lap sèvi ak otorite konstitisyon an ba li pou l pran dispozisyon ki nesesè pou pote chanjman pozitif nan sistèm nan. Prezidan Obama di:

“Mwen kòmanse yon efò tou nèf pou m pote otan koreksyon posib nan sistèm imigrasyon nou an, e map fè sa pou kont mwen, san patisipasyon Kongrè a. Kòm yon premye pa, map pase Minis Sekirite Nasyonal la ak Minis Jistis la lòd pou yo wete lajan ak lòt resous ki nan bidjè pou travay fèt anndan peyi a, epi itilize yo pou travay ki dwe fèt sou fwontyè nou yo. Efò pou n asire sekirite piblik la epi depòte kriminèl danjre, ap rete yon gwo priyorite pou nou; sepandan nou pral refikse atansyon nou ak efò nou kote nou ka gen garanti nap fè travay ki nesesè pou n asire sekirite fwontyè nou yo.”

Misye Obama te pale konsa pandan li te nan la Mezon Blanch. Nou jwenn menm mesaj sa a --pwoteksyon fwontyè Lèzetazini--nan deklarasyon Sekretè Deta John Kerry fè nan menm jounen madi a, aprè li te fin rankontre ak ofisyèl 3 peyi santwo-ameriken kote timoun ap pati pa bann e pa pakèt pou yo antre ilegalman Ozetazini. Misye Kerry deklare:

« Plizyè dizèn de milye jèn timoun ap pran gwo risk pou lavi yo. Moun ap eksplwate yo, e yo mete yo nan gwo danje. Sa, se yon gwo defi pou nou tout. Lèzetazini vle travay trè etwatman ak patnè nou yo nan Amerik Santral la yon fason pou n rezoud pwoblèm sa a.”

Chèf diplomasi amerikèn nan fè deklarasyon sa a aprè yon rankont ak ofisyèl 3 peyi santwo-ameriken kote timoun ap pati pa bann e pa pakèt pou yo antre ilegalman Ozetazini: Prezidan Salvadò a, Sanchez Ceren, prezidan Gwatelama a, Otto Perez Molina, ak minis afè etranjè Ondiras la, Mireya Aguero.

XS
SM
MD
LG