Accessibility links

Breaking News

Koudèy sou Mondyal 2014 la o Brezil


Koup di Mond / Brezil 2014 - Aksyon ki bay penalite ki pèmèt La Oland elimine Meksik dimanch 29 jen 2014 la.
Koup di Mond / Brezil 2014 - Aksyon ki bay penalite ki pèmèt La Oland elimine Meksik dimanch 29 jen 2014 la.

Fanatik seleksyon nasyonal Kosta Rika yo ap selebre kalifikasyon ekip sa a pou kar de final koup di mond Brezil 2014 la. Kosta Rika ki, daprè majorite espesyalis yo, se revelasyon mondyal la, elimine Lagrès sou penalite 5-3 apre skò a aprè pwolongasyon te rete nil 1 a 1.

Antrenè ekip grèk la, Fernando Santos, akize abit ostralyen an kòm yon kouto 2 bò apre li te ekspilse nan fen rankont la. Nan lòt match ki te dewoule dimanch la, La Oland elimine Meksik ke li bat sou yon skò 2 a 1 pou l pran tikè li pou kar de final la. Antrenè seleksyon nasyonal Meksik la, Miguel Herrera, rann abit la responsab defèt Meksiken yo, sitou akoz penalite li bay olandè yo nan fen tan reglemantè a.

Jwè seleksyon grèk la fè federasyon foutbòl peyi yo a konnen yo pa bezwen prim responsab yo te vle ba yo pou patisipasyon yo nan koup di mond la. Sepandan, yo mande federasyon an sèvi ak lajan an pou konstriksyon yon enstalasyon spòtif pou seleksyon nasyonal la.

Nan kar de final la, k ap kòmanse vandredi 4 jiyè a, Brezil pral rakontre ak Kolonbi nan vil Fortaleza epi, le 5 jiyè, Kosta Rika pral tope kòn li ak La Oland. Jwè seleksyon nasyonal Bèljik la rekonèt rankont yo pral fè ak 11 nasyonal Lèzetazini an madi premye jiyè a, se papy on match fasil. Dries Merteen anonse seleksyon an pral fè tout efò posib pou l anpeche ameriken yo ba li yon sipriz kèlkonk.

XS
SM
MD
LG