Accessibility links

Breaking News

Nan Irak / Batay ap Kontinye ant Lame ak Rebèl Sinit yo


Kat jewografik vil Tikri ki tonbe anba men militan Sinit yo.
Kat jewografik vil Tikri ki tonbe anba men militan Sinit yo.

Nan Irak, avyon de gè gouvènman an lanse atak pandan nannuit dimanch 29 jen pou leve lendi 30 jen an sou vil Tikrit nan moman aviyasyon militè a ap batay pou l repran kontwòl yon bon pati peyi a nan men militan sinit yo ki deklare yon eta Islamik. Nouvo eta sa a gen ladan yon pati nan tèritwa irakyen an ak yon pati nan tèritwa siryen an.

Byen bonè lendi, konba yo tap kontinye nan Tikrit, youn nan plizyè vil ki sou nouvo tèritwa militan yo fòme a, aprè gwoup islamik ki rele tèt li Eta Islamik Irak ak Levan an, te lanse yon mouvman rebelyon nan kòmansman mwa jen an.

Dimanch, eta islamik la te fè parèt sou entènèt la yon deklarasyon anrejistre sou kasèt kote li fè konnen chèf gwoup la, Abou Bakar al-Baghdadi, se lidè nouvo kalifa a --yon tèm istorik ki deziye yon eta souvren pou fidèl mizilman yo. Dènye fwa tèm sa a te alamòd, li te sèvi pou deziye gouvènman lanpir otoman an ki te disparèt aprè premye gè mondyal la. Okòmansman, Eta Islamiik Irak ak Levan te yon alye rezo al-Kaida a; sepandan lidè gwoup teworis la te vin pran desizyon pou yo elimine Eta Islamik la nan kòmansman ane 2014 la poutèt li te afiche entansyon li pou l kreye kalifa a e paske manm li yo pat vle obeyi lòd dirijan al-Kaida yo.

-----------------------------------------------------------------------------
Nan Washington, Prezidan Barack Obama di yon mouvman rebelyon teworis nan Irak ak Siri vin ranfòse yon menas kont sekirite Lèzetazini menm sou tèritwa ameriken an. Daprè Misye Obama, dirijan Eta Islamik Irak ak Levan an ap atire militan ki redikalize ni nan Irak ni nan Siri, e se moun ki ka poze danje ak menas pou Lèzetazini. Misye Obama di :

« Yap pran jarèt nan kèk zòn. Nou deja wè sitwayen peyi ewopeyen ki montre senpati pou kòz yo a e ki vwayaje al nan Siri. Ansuit, yo byen kapab ale nan Irak pou yo patisipe nan batay yo. Apre sa, yo retounen lakay yo. Avèk paspò ewopeyen yo, yo pa bezwen viza pou yo antre Ozetazini… »

Si nou kwè depite republiken Peter King, ki bay opinyon li sou sitiyasyon sa a, Lèzetazini ta dwe pran davans dispozisyon ki nesesè pou l anpeche menas sa yo tounen reyalite sou tèritwa ameriken an. Depite King deklare :

“Obama ta dwe aji pi agresivman sou dosye sa a. Jounen Jodi a, Siri reprezante pi gwo menas la pou nou ; paske, non sèlman genyen plizyè milye ewopeyen ki gen sa k nesesè pou yo antre Ozetazini aprè yo fin antrene nan Siri, men tou genyen omwen 100 sitwayen ameriken ki nan Siri nan moman map pale la a. Alòs, nenpòt ki lès nan moun sa yo kapab antre Ozetazini epi lanse yon atak aprè yo fin swiv antrènman nan Siri.”

Daprè Prezidan Obama, Lèzetazini pare pou l pase alaksyon. Nouvèl yo fè konnen otorite ameriken yo pral ranfòse sekirite a seryezman atravè peyi a nan fen semèn sa a, nan moman ameriken yo pral selebere fèt endepandans nasyonal yo nan dat 4 jiyè a.

XS
SM
MD
LG