Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ayisyen Leslie François Manigat Mouri nan Pòtoprens Vandredi 27 Jen 2014 la.


Se avèk anpil lapenn nou aprann nouvèl lanmò ansyen Prezidan Repiblik d Ayiti, Leslie François Manigat. Ansyen lidè a rann dènye poupi li byen bonè nan matine jounen vandredi 27 jen 2014 la, vè 6 zè, lakay li Laplenn nan antre nò Pòtoprens. Li te genyen 84 tran.

Leslie F. Manigat sete yon elèv e yon etidyan entèlijan. Nan yon entèvyou li te bay Lvwadlamerik sa gen 3 zan, li di li te toujou premye nan klas li depi primè rive jous nan inivèsite. Aprè etid inivèsitè li, li te jwenn yon bous pou l t al etidye nan La Sorbonne, an Frans. Se li ki te fonde INAGHEI (Institut National d’Administration, de Gestion et des Hautes Etudes Internationales). Sou rejim Duvalier yo, li te pase lontan ap viv an egzil, sitou nan rejyon Amerik di Sid la. Li se fondatè pati politik RDNP (Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes). Li te travay kòm pwofesè inivèsite nan divès peyi etranje tankou Venezuela (Universidad de Caracas) ak Lèzetazini (John Hopskins), tandiske li te konferansye envite pou anpil sant entènasyonal sou kontinan ameriken an e ann Ewòp.

Ann atandan nou gen detay sou aranjman fanmi an ak gouvènman ap fè pou rann ansyen lidè ayisyen sa a yon dènye omaj, nou prezante kondoleyans nou bay fanmi li –tou espesyalman madanm li, Mirlande Hyppolite Manigat- direksyon ak manm pati li a, RDNP, epi patizan ak senpatizan pati a.

XS
SM
MD
LG