Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon - Pozisyon Prezidan Martelly sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a


ამერიკელი პარაშუტისტები ჩრდილოეთ კაროლინაში
ამერიკელი პარაშუტისტები ჩრდილოეთ კაროლინაში

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, ensiste sou le fèt ke, daprè di, Konsèy Elektoral Pwovizwa a gen 9 manm olye de 7, jan anpl sektè di sa a. Lidè ayisyen an di s pa fòt pèsonn si 2 manm sou 9 te pran desizyon pou yo pat prete sèman lè yo te genyen pou yo fè l la. Misye Martelly atire atansyon sou le fèt ke manm absanteyis yo resevwa pèman yo regilyèman epi yo kontinye ap sèvi ak machin Leta. Li fè deklarasyon sa a sou Lavwa Dlamerik apre li te fin patisipe nan seremoni remiz diplòm 53èm pwomosyon Kolèj Entè-Ameriken Defans la nan Washington nan jounen mèkredi 25 jen 2014 la. Se Misye Martelly ki te pwononse diskou prensipal la nan seremoni sa a.

Yon lòt kote, lidè Konvansyon Inite Demokratik la (KID), Evans Paul, lanse apèl bay 3 pouvwa yo pou l mande yo travay ansanm pou pèmèt konsèy elektoral la genyen kantite manm konstitisyon 1987 amande a prevwa a.

Nan vil Jakmèl, Kadinal Chibly Langlois mande aktè politik yo mete yo dakò pou rezoud pwoblèm ki divize yo dekwa pou eleksyon lejislatif pasyèl yo kapab dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la, jan akò politik El Rancho a mande l la.

Nan Mirebalais, doktè Francisco pataje lide divès sektè nan opozisyon an ki di pati politik yo pa vle ale nan eleksyon san yon konsèy elektoral konplè e ki merite konfyans.

Prezidan Direktè Jeneral (PDG) Radyo Kiskeya, Marvel Dandin, te reponn kesyon jij Durin Duret Junior mèkredi 25 jen an sou evennman ki te pase nan kòmansman ane 80 yo lè rejim Duvalier a te fòse plizyè jounalis pran egzil.

Pwogram Nasyonzini pou Devlopman an (PNUD) prezante rapò 2013 sou Objektif Devlopman Milenè l'ONU an k ap ekspire an 2015. Selon ajans la, Ayiti fè pwogrè menm si gen anpil travay ki rete pou fèt.

Klike sou "Koute" pou w swiv detay nouvèl sa yo ak jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG