Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Prezidan Michel Martelly avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la


Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly.
Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly.

Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) òganize, nan katye Jeneral li nan Washington, mèkredi 25 jen 2014 la, yon seremoni remiz diplòm pou Kolèj Entè-Ameriken Defans la. Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, sete envite espesyal pwomosyon 2013-2014 la, menm jan li te oratè prensipal seremoni an.

Apre patisipasyon Misye Martelly nan seremoni an, plis yon rankont espesyal ak plizyè responsab òganizasyon rejyonal la –prensipalman Sekretè Jeneral José Miguel Inzulsa-- sou yon kowoperasyn nan domèn defans la ant Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an, lli te fè yon vizit nan estidyo Lavwadlamerik yo ko te li reponn kesyon Jacquelin Bélizaire sou prensipal pwen aktyalite a nan peyi d Ayiti, tankou : pwosesis elektoral la, fòmasyon KEP a, reyalizasyon administrasyon Martelly-Lamothe la jiskaprezan, epi, antwòt, relasyon ant CSPJ ak konsèy elektoral pwovizwa a.

Pou sa k gen rapò ak KEP a ki, pou anpil moun, se yon antite enkonplè, Misye Martelly ensiste pou l di li konnen, li menm, genyen yon konsèy elektoral konplè, esksepte ke 2 manm deside pa prete sèman e pa travay, alòske yap touche regilyèman avèk tout benefis ki mache ak pòs yo a. Lè jounalis Jacquelin Bélizaire poze Prezidan Martelly kesyon konsènan manda li e sou dat kote li pral remèt pouvwa a --ki ta dwe 7 fevriye 2016, daprè konstitityon an-- lidè ayisyen an presize se yon manda 5 lane li genyen; sa vle di, daprè li, 7 fevriye 2016 pap fè l 5 kan sou pouwva a.

Entèvyou a fini ak yon koutje sou koup di mond foutbòl la kap dewoule o Brezil. Prezidan Martelly di li apresye gwo antouzyasm ayisyen yo manifeste pou evennman spòtif sa a, menm jan ak majorite pèp sou kontinan ameriken an. Sepanndan, li ta renmen wè kon-sitwayen li yo montre menm tip enterè sa a pou yo travay pou devlopman peyi yo.

Klike sou "Koute" pou w swiv entèvyou Prezidan Martelly avèk Jacquelin Bélizaire la.

XS
SM
MD
LG