Accessibility links

Breaking News

Neymar Mennen Brezil nan Faz Dechoukaj Koup di Mond la


Brazil's Neymar, right, controls the ball in front of Cameroon's Allan Nyom during their match at the Brasilia national stadium in Brasilia, June 23, 2014.
Brazil's Neymar, right, controls the ball in front of Cameroon's Allan Nyom during their match at the Brasilia national stadium in Brasilia, June 23, 2014.
Brezil kalifye pou faz dechoukaj koup di mond la gras ak 2 gòl Neymar make nan viktwa 4 a 1 peyi òganizatè a ranpòte devan Kameroun lendi 23 jen an. Meksik jwenn tikè l tou apre li siprann Kwasi ak yon viktwa 3 a 1 pou l fini 2èm nan gwoup A a dèyè Brezil; 2 ekip latino-ameriken sa yo genyen 7 pwen yo chak, avèk yon gòl diferans ki an favè Brezil (+5 pou Brezil, e +3 pou Meksik). Nan gwoup B a La Oland kale Chili 2 a 0 alòske Lespay, chanpyon an tit la, konsole l ak yon viktwa 3-0 sou Ostrali. Olandè yo fini an premyè pozisyon nan gwoup la avèk 9 pwen devan chilyen yo ki gen 6 pwen.

Nan faz dechoukaj la, k ap kòmanse Samdi 28 jen an nan vil Belo Horizonte, Brezil, sèl peyi ki patisipe nan tou lè 20 koup di mond FIFA yo, pral rankontre Chili; se va youn nan klasik foutbòl sid-ameriken an; epi La Oland pral woule balon devan Meksik dimanch 29 jen an nan Fortaleza.

FIFA konfime Federasyon Foutbòl ganeyen an mete l okouran akizasyon kòm kwa yon responsab wo plase t ap fè demach pou Gana ta vann pwochen match seleksyon an pou ede lòt peyi avanse nan koup di mond la, dapre Jounal The Telegraph ak chèn 4 televizyon angle a. FIFA di l ap mennen ankèt sou akizasyon an.

Konsènan dènye rankont premye faz la Lèzetazini gen pou l jwe kont Almay nan gwoup G a jedi 26 jen, antrenè 11 nasyonal ameriken an, Jurgen Klinsmann, rejte pawòl k ap di kèmkwa ameriken yo ta dwe antann yo ak alman yo pou yo fè match nil dekwa pou tou lè 2 kapab kalifye pou pwochen tou a. Lèzetazini ak Almay pataje premye plas la nan gwoup la ak 4 pwen yo chak. Msye Klinsmann di deklarasyon sa a pa fè sans e li pa reflete ideyal ameriken yo -donk seleksyon an pral jwe pou li ranpòte rankont la. Alman yo, bò kote pa yo, fè konnen yo pap fè Lèzetazini kado, paske yo pral chache yon viktwa pou yo fini nan tèt gwoup G a.


Nan Baskètbòl: Jwè pwofesyonèl ameriken Tim Duncan fè responsab yo nan San Antonio Spurs konnen l ap retounen sezon pwochen an pou l konplete dènye ane ki nan kontra li te siyen ak ekip la. Kèk jou avan sa, Carmelo Anthony te enfòme responsab New York Knicks yo li chwazi opsyon pou l pa kontinye dènye ane kontra li a ak ekip la. Desizyon Carmelo Antony a vle di jwè vedèt sa a kapab resiyen yon kontra 5 an ak New York Knicks, menm jan li ka mete sèvis li a la dispozisyon nenpòt lòt ekip ki enterese.

Toujou nan baskètbòl pwofesyonèl, ajanten Manu Ginobili anonse li pral jwe pou seleksyon ajanten ki pral patisipe nan koup di mond la an Espay sòti 30 out pou rive 14 septanm 2014. Lèzetazini ap òganize yon seyans antrenman pandan 5 jou nan fen mwa jiyè a anvan seleksyon nasyonal li a mete tèt pou Lespay. Daprè nouvèl yo, anviwon 50 jwè kap evolye nan NBA a ap reprezante peyi yo nan koup di mond la.
XS
SM
MD
LG