Accessibility links

Breaking News

Vizit Sipriz Sekretè Deta Etazini an nan Bagdad


Premye minis irakyen an, Nouri al-Maliki, ki tap resevwa Sekretè Deta John Kerry aprè l te rive nan Baghdad nan komansman jounen 23 jen 2014 la.
Premye minis irakyen an, Nouri al-Maliki, ki tap resevwa Sekretè Deta John Kerry aprè l te rive nan Baghdad nan komansman jounen 23 jen 2014 la.
Chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, ki debake nan Irak lendi 23 jen 2014 la nan kad yon vizit ki pat anonse davans, ranfòse presyon an sou lidè chiyit peyi a pou yo fè plis plas pou minorite sinnit la nan gouvènman an, nan moman rejim nan ap fè fas ak yon rebelyon militan sinnit yo ki mete men sou yon bon pati tèritwa a nan rejyon nò ak lwès peyi a.

Misye Kerry fè yon rankont plis pase 1 nèd-tan edmi avèk Premye Minis Nouri al-Maliki; aprè sa, li fè chita tande ak yon lidè relijye chiyit enpòtan e ak 2 nan pi gwo manm palman an ki se sitwayen sinnit irakyen. Pandan misye Kerry tap pran direksyon kòtèj li aprè rankont li avèk premye minis la, di rankont la byen pase, men laprès pa gen okenn detay sou sa ki di nan chita-tande a. Sepandan, anvan rankont la, Sekretè Deta a te di si Irakyen yo vle travay pou stabilite ak pwogrè peyi yo, Washington ap kanpe bò kote yo. Chèf diplomasi amerikèn nan deklare:

« Nou prezan isit la pou n travay pou aspirasyon sa yo e pou n montre angajman nou pou yon Irak stab e souvren. Anpil sòlda ak lòt moun te envesti nan aspirasyon sa yo – anpil nan yo bay lavi yo pou sa nan non pèp irakyen an ak lòt pèp nan rejyon an.»

Nan rankont misye Kerry te fè dimanch ak kòlèg li nan peyi Lejip ak Jòdani anvan li te ale Bagdad, li te abòde sitiyasyon an nan Irak ak menas kap sòti bò kote gwoup militan sinnit ki rele tèt li “Eta Islamik Irak ak Levan” ki okipe yon bon pati nan teritwa irakyen an. Pandan chèf diplomasi amerikèn nan te nan vil Lekèr, ann Ejip, li te di jounalis yo si Irakyen yo dakò pou yo fòme yon gouvènman kote tout moun gen plas yo bò tab la, Lèzetazini pare pou l ede yo. Li repete menm angajman sa a aprè chita tande li fè ak Premye Minis Maliki e ak manm palman an nan Irak. Misye Kerry di:

«Fòmasyon yon lòt gouvènman se yon bagay esansyèl pou Irak kapab fè pwogrè e ranpòte siksè. Lidè irakyen yo gen obligasyon pou yo pèmèt palman an reyini a lè, e mwen dwe di nou tout lidè mwen rankontre jodi a pran angajman pou yo respekte delè premye jiyè a pou rankont reprezantan palman an. »

Gwoup militan Leta Islamik Irak ak Levan an menase pou l atake Bagdad; men yon otorite wo-plase nan Depatman Deta a ki tap abòde dosye a byen bonè lendi-a, fè konnen Lèzetazini panse avans militan yo sou kapital Irak la yon ti jan ralanti pou le moman.
XS
SM
MD
LG