Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an Deziye Reprezantann nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a.


Drapo Ayisyen an
Drapo Ayisyen an
Gran pwen k ap domine aktyalite a nan peyi Dayiti lendi 16 jen an: Prezidan sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, ak Prezidan chanm depite a, Jacques Stevenson Thimoléon, ekri prezidan Michel Martelly pou enfòme l palman an chwazi ansyen konseye elektoral Max Mathurin pou ranplase madame Marie Cluny Dumay Miracles nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

2-Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) poko ranplase reprezantan li nan enstitisyon elektoral la.

3-Sèt (7) prizyonye sove nan yon komisarya nan vil Tigwav. Prizyonye yo blese polisye ki t ap siveye avanpòs la nan moman yo t ap chache dezame l. Nan Lagonav militan yo mande asistans otorite lasanté yo pou ede yo konbat epidemi Chikungunya a.

4-Ayiti ap akeyi premye fowòm sou anviwonman an soti 14 pou rive 19 jiyè. Tèm rasanbleman sa a se «Comprendre le Risque en Haiti : Innover pour Prevenir.» Reprezantan Banque Mondyal la ann Ayiti, Michel Matera ap eksplike.

Klike sou « kouté » agoch atik sa a pou n tande korespondan nou Orpha Dessources, Clarens Renois, Montigène Sincère, Jean Rhode Prezeau ak reprezantan Bank Mondyal la Michel Matera.
XS
SM
MD
LG