Accessibility links

Breaking News

Irak/Vyolans: Militan Islamik yo Okipe Plizyè Vil e Yap Mache sou Bagdag


Konbatan Eta Islamik Irak al Levan an (EIIL) nan yon pòs enspeksyon nan vil Mosoul, nan nò Irak. (Foto: 11 jen 2014).
Konbatan Eta Islamik Irak al Levan an (EIIL) nan yon pòs enspeksyon nan vil Mosoul, nan nò Irak. (Foto: 11 jen 2014).
Nan Irak, militan islamis sinit yo, ki deja mete men sou kèk vil enpòtan yo pran nan men gouvènman chiyit la –vil tankou Mosoul, Tikrit ak Falouja-- menase kounye a pou yo mache sou kapital la, Bagdag. Nan yon mesaj ki sòti jedi 12 jen 2014 la, yon pòtpawòl gwoup militan an ki rele tèt li “Eta Islamik Irak al Levan an (EIIL)”, yon satelit rezo al-Kaida-a – fè konnen militan yo vle mete men tou sou vil Karbala kote nou jwenn lye sen chiyit mizilman ki pi sen yo.

Daprè Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM), goumen yo deja lakoz 500 mil moun kouri kite kay yo nan pati nò Irak. Pandansetan, premye minis irakyen an, Nouri al-Maliki, pa mete dlo nan bouch li pou l kritike kòmandan militè ki kouri kite pòs yo nan vil Mosoul (nan nò peyi a, pi presizeman nan pwovens Niniv) epi militan yo pat gen difikilte pou yo manche pran vil la. Nan yon diskou Misye al-Maliki fè nan jounen mèkredi a, li di kòmandan militè sa yo fè pati yon konplo kont pèp irakyen an. Misye al-Maliki deklare :

« Mwen kapab di, an tout senserite, sa k rive nan pwovens Niniv la se rezilta yon konplo ; paske branch al-Kaida nan rejyon an, mete sou fòs militan Eta Islamik Levan an, twò piti pou yo koresponn ak fòs lame ak polis nou genyen laba a. Alòs, map mande kisa k rive, kouman sa fè rive e kijan fòs sekirite nou an fè tonbe plat atè konsa ? Mwen konn pou ki rezon ; men, jodi a nou pa la pou m blame pèsonn ki patisipe nan kou sa a, ni chache konnen kijan operasyon sa a fè rive. Kote militan yo pase pou yo antre ? Kilès ki nan tèt yo ? Kilès ki te bay lòd pou sòlda nou yo repliye pou lage konfizyon konsa nan mitan fòs zame nou an ?

Irak ap fè fas ak vyolans ki pi tèrib la depi ane 2008. Daprè Oganizasyon Nasyon Zini, anviwon 4 mil 500 moun pèdi lavi yo ane sa a sèlman –pami yo genyen plis 900 ki mouri nan mwa me ki pase a.

Nan Washington, gouvènman ameriken an ap balanse opsyon yo pou l konnen kijan li ka ede gouvènman irkayen an kontrekare pwogrè mouvman militan yo ki deja okipe divès vil peyi a. Jen Psaki, pòtpawòl Depatman Deta a, te abòde sitiyasyon an nan yon pwen de près mèkredi.

« Tankou nou konnen, depi kòmansman ane a se an ijans nap voye kagezon ekipman militè nan Irak. Nou ranfòse sesyon antrènman yo pou fòs sekirite Irak la e nou travay anpil pou n ede Irak adopte yon apwòch global sou kesyon defans la. Jan laprès rapòte sa a, sitiyasyon an trè grav sou teren an. Nap travay ak lidè irakyen yo atravè tout peyi a pou n apiye yon repons kowòdone. Ou mèt espere nou pral ofri gouvènman irakyen an plis asistans pou l konbat menas sa a ke Leta Islamik Irak ak Levan an poze; men mwen pa an mezi pou m bay plis detay pou le moman. »

Lòt otorite ameriken, ki pale ak laprès a kondisyon pou non yo pa site, fè konnen youn nan divès opsyon Lèzetazini ap anvizaje, se deside si wi ou non, li dwe voye nan Irak avyon ki ka lanse atak telegide, san pèsonn pa abò yo.
XS
SM
MD
LG