Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Franchi yon Nouvo Etap nan Pwosesis Elektoral la


Prezidan Sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra( Foto Achiv)
Prezidan Sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra( Foto Achiv)
Pòtpawòl laprezidans la, Lucien Jura, konfime e deklare Egzekitif la ap avanse nan direksyon dewoulman pwochèn eleksyon yo avèk ou san Sena Ayisyen an. Mesye Jura fè deklarasyon sa yo apre prezidan Michel Martelly, piblye madi 10 jen an yon arete prezidansyèl kote li konvoke pèp ayisyen pou ale nan eleksyon nan dat 26 oktòb la.

Pòtpawòl biwo prezidans la te reyaji tou sou manifestasyon kap mande demisyon gouvènman an ak sou chwa palman an fè pou ansyen prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Max Mathurin reprezante l nan KEP. Sepandan Gwoup 6 senatè kap reklame aplikasyon atik 289 konstitisyon an pou fòme enstitisyon elektoral la rejte chwa prezidan 2 chanm yo. Senatè Fort-Liberté a, Jean-Baptiste Bien-Aimé, di Lavwadlamerik prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desras, pat konsilte Gran Kò a lè l tap chwazi reprezantan palman an.

Fè yon klik sou «Koute» anba kote ki make Miltimedia pou tande deklarasyon Pòtpawòl prezidans Lucien Jura ak reyaksyon kèk lot aktè politik nan repòtaj Orpha Dessources ak Eveline Adonis.
XS
SM
MD
LG