Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik : Eske Gouvènman d Ouvèti a se yon Gouvènman Lejitim ? Kesyon an Poze nan Sena a.


Ann Ayiti, sena a te òganize yon seyans nan jounen mèkredi 23 avril 2014 la pou manm yo te abòde kesyon pou konnen eske kabinè ministeryèl ki la kounye a –an palan de gouvènman d ouvèti a-- se yon gouvènman lejitim ou pa.

Senatè yo ap poze kesyon an aprè gouvènman Martelly-Lamothe la te fè pibliye nan gazèt ofisyèl l a, Le Moniteur, lis moun ki fòme nouvo kabinè a. Lojik palmantè yo mete devan, se le fèt ke Premye Minis Laurent Lamothe pa prezante devan palman an pou l fè deklarasyon politik jeneral li pou ratifikasyon, jan konstitisyon an mande sa aprè fòmasyon chak kabinè ministeryèl.

Yon lòt kote, Pati Repons Peyizan (pati Prezidan Michel Martelly a) lanse apèl bay tou lè 3 pouvwa yo (egzekitif, lejislatif ak jidisyè) pou l mande yo fè konpwomi ki nesesè pou yo jwenn solisyon pou pwoblèm peyi a ap konfwonte. Moun ki pale nan non pati a, se dirijan Fédel Monchéri.

Anfen, yon fwa ankò, minis finans ak afè ekonomik peyi d Ayiti a, Marie-Carmelle Jean-Marie, pran lapawòl pou l defann Prezidan Michel Martelly kont kritik ki repwoche lidè ayisyen an sa yo rele « yon mank sans responsablite » aprè Misye Martelly te deklare : « Tout kès Leta vid ». Sa te pwovoke kòmantè negatif sou bon jijman prezidan an bò kote kèk lidè politik tankou Mirlande Manigat, dirijan RDNP (Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes). Madam Jean-Marie di lidè ayisyen an tap pale de lajan ki pa genyen pou plizyè nouvo pwojè otorite vil pwovens yo soumèt devan gouvènman an ; men gen lajan pou pwojè ki deja sou pwogram Leta ayisyen. Minis la -ki deklare "Leta pa an fayit", sèvi ak chif ki sòti nan DGI (biwo kontribisyon an) ak ladwann pou l montre resèt fiskal yo ase pou pèmèt administrasyon piblik la kontinye fonksyone nòmalman.

Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Rotchild François Jr., Renan Toussaint avèk Orpha Dessources. Prezantasyon : Marie-Luce Pierre ak Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG