Accessibility links

Breaking News

Obama Pwomèt pou l Respekte yon Trete Asistans Resipwòk ant Lèzetazini ak Japon


Prezidan Barack Obama ak Premye Minis Shinzo Abe ap bay lanmen aprè yon konferans pou laprès nan Tokyo. (Foto: 24 avril 2014).
Prezidan Barack Obama ak Premye Minis Shinzo Abe ap bay lanmen aprè yon konferans pou laprès nan Tokyo. (Foto: 24 avril 2014).
Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, reafime dispozisyon peyi li pou l respekte yon trete li te siyen pou l defann Japon – san bliye yon gwoup zile ki nan Lanmè Lachin Oryantal la e ke ni Tokyo ni Peken reklame kom yon pati nan tèritwa nasyonal yo.

Aprè Misye Obama te fin fè yon rankont ak premye minis japonè a nan Tokyo jedi 24 avril 2014 la, li pale klèman pou l di pwoteksyon zile sa yo –ke japonè yo rele Senkakou, tandiske chinwa yo rele yo Dyaoyo-- antre nan kad trete Washington te siyen ak Tokyo a e ki fè Lèzetazini obligasyon pou l defann Japon si yon lòt peyi atake li. Prezidan ameriken an di:

« Pou sa ki konsènen Zile Sankakou yo, nou pa pran pozisyon sou kesyon pou konnen anba souverènte ki peyi yo ye. Sepandan, istorikman se Japon ki te toujou administre yo e nou pa panse yon peyi kapab chanje sitiyasyon sa a inilateralman. An plis de sa, yon eleman konstan nan trete amerikano-japonè-a, sè ke li kouvri tout tèritwa ke Japon administre. Alòs, pozisyon nou an pa nouvo ditou ; se yon pozisyon konstan. Nan chita-tande mwen fè ak Premye Minis Abe, mwen ensiste sou enpòtans nesesite pou n rezoud pwoblèm sa a yon fason pasifik e non pa yon fason ki kapab fè tansyon an monte nan rejyon an. Se pou n evite pawòl piman bouk ; se pou youn evite pwovoke lòt, epi chache konnen kijan Japon ak Lachin kapab travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm nan. »

Se pi gwo deklarasyon d’apui an favè peyi Japon yon prezidan ameriken fè konsènan mezantant zile yo kreye ant Tokyo ak Peken. Misye Obama te fè yon deklarasyon menm jan nan jounen mèkredi 23 avril la nan yon entèvyou li te bay yon jounal japonè ; sa te pouse Ministè Afè Etranjè chinwa a lanse yon avètisman bay Lèzetazini pou di li : « Pinga pran pozisyon nan afè sa a epi respekte laverite sou kesyon an. »

Pandan Misye Obama tap bay yon konferans pou laprès ansanm avèk premye minis japonè a, Shinzo Abe, yo tou lè 2 pale de pwogrè ki fèt nan negosyasyon konsènan Akò Libre Echanj ki rele « Patenarya Trans-Pasifik la» kap trennen depi lontan e ke Lèzetazini ta renmen siyen ak 12 peyi azyatik ki gen kòt sou Oseyan Pasifik la. Misye Abe te reponn yon kesyon sou negosyasyon yo.

« Objektif la se kreye yon gwo zòn ekonomik pou devlopman rejyon azyatik la, pou respè dwamoun, pou eta de dwa ak demokrasi nan peyi ki pataje menm prensip sou kesyon sa yo. Nou pral vini ak nouvo règleman ; sa se objektif negosyasyon yo. Sa nou vle kreye, se tip zòn ekonomik nou bezwen nan 21èm syèk la. »

Toune Prezidan Obama sou kontinan azyatik la pral mennen li tou nan peyi Malezi, Kore di Sid ak Filipin.
XS
SM
MD
LG