Accessibility links

Breaking News

Tansyon nan Ikrèn / Pentagòn nan Anonse Debakman Sòlda Ameriken ann Ewòp


Sòlda lame amerikèn ki tap patisipe nan egzèsis nan rejyon Adazi, nan peyi Letoni (Foto achiv / 20 Oktòb 2010).
Sòlda lame amerikèn ki tap patisipe nan egzèsis nan rejyon Adazi, nan peyi Letoni (Foto achiv / 20 Oktòb 2010).
Nouvèl ki sòti Washington fè konnen sòlda ameriken kòmanse debake nan peyi Polòyn pou egzèsis militè ak lame polonèz la nan kad yon demonstrasyon solidarite ak alye ewopeyen Lèzetazini yo, aprè sa Pantagòn nan konsidere kom agresyon Larisi nan Ikrèn nan.

Otorite nan Depatman Defans la di yo voye yon premye gwoup 600 sòlda nan Polòyn ak rejyon baltik la, pou yo voye yon mesaj bay Moskou epi rebay alye ak asosye Lèzetazini yo konfyans. Kontramiral John Kirby, responsab enfòmasyon nan Pentagòn nan, bay detay sou operasyon sa a.

« Egzèsis sa yo se premye nan yon seri de antrènman manch long fòs ameriken ki opere atè yo pral fè nan Polòyn ak rejyon baltik la. Aktivite sa yo te pwograme pou yo fèt pandan 2 zou 3 mwa kap vini la yo. Plis sòlda, ki fè pati konpayi ki nan 173èm brigad ayeryèn nan, pral deplase anvan lontan pou yo ale nan peyi Lityani, Letoni ak Estoni pou yo patisipe nan menm kalite egzèsis sa-yo. »

Daprè kontramiral Kirby, operasyon sa a fè pati sa li rele «yon prezans pèmanan” kote divès gwoup sòlda ameriken pral releye yo nan rejyon an pandan yon lane oubyen pi lontan toujou.
------------------------------------------------------------------------------------------------
Pandansetan, nan Ikrèn, otorite yo deside anile ofisyèlman yon trèv yo te jwenn pandan Semèn Sent la avèk separatis pwo-Larusi yo nan pati lès peyi a, e yo fè konnen operasyon anti-teworis yo pral kontinye nan moman Moskou menase poul reponn kif-kif.

Premye vis-premye minis ikrenyen an, Vitaly Yerema, ki tap pale ak laprès mèkredi 23 avril 2014 la aprè yon rankont kabinè ministeryèl la, deklare otorite yo ap pran dispozisyon ki nesesè yo e moun pral kapab santi rezilta yo anvan lontan. Misye Yerema kontinye pou l di peyi li resevwa garanti nan men Lèzetazini ke Ikrèn pap rete pou kont li devan agresyon Larisi a. Li ajoute li gen espwa asistans Washington nan pral pi sibstansyèl ke sa li ye jounen jodiya.

Pandansetan, nan Moskou, minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, pale sou televizyon nasyonal la pou l di Larisi pral reponn kif-kif si moun atake enterè li oubyen atake pèp ris la. Li presize reponn Larisi a pral menm bagay ak repons li te bay nan lane 2008 nan Oseti di Sid e ki te debouche sou yon lagè tou kout avèk Repiblik Jòji.
XS
SM
MD
LG