Accessibility links

Breaking News

Ikrèn/Politik: Gwo Nyaj Sonb Toujou Plane sou Avni Imedya peyi a.


Premye minis ikreynyen an, Arseny Yatseniuk (adwat) ap pale pandan yon rankont ak otorite lokal yo nan vil Donetsk nan dat 11 avril 2014 la. (Foto REUTERS/Andrew Kravchenko).
Premye minis ikreynyen an, Arseny Yatseniuk (adwat) ap pale pandan yon rankont ak otorite lokal yo nan vil Donetsk nan dat 11 avril 2014 la. (Foto REUTERS/Andrew Kravchenko).
Nan Ikrèn, delè gouvènman an fikse pou yon gwoup separatis pwo-Larisi pati kite lokal biwo publik yo okipe nan pati lès peyi a, epi remèt otorite yo zam yo gen nan men yo, ap rive nan bout li nan fen jounen vandredi 11 avril 2014 la. Otorote yo menase pou yo itilize lafòs pou yo deplase manifestan sa yo ki egzije pou Leta òganize yon referandòm sou kesyon pou kennen eske kèk rejyon nan pati lès Ikrèn dwe al fè pati Larisi.

Jous nan matine jounen vandredi a, manifestan yo te rejte òf gouvènman fè pou l ba yo amnisti si yo kowopere. Anvan fen delè a, premye minis pwovizwa ikrenyen an, Arneniy Yatsenyuk, vizite youn nan vil ki nan rejyon an --an palan de Donetsk-- pou l te abòde tansyon ki egziste nan zòn nan ak otorite lokal yo. Aprè rankont la, li di li panse konfwontasyon ant militan yo ak gouvènman an kapab rezoud. Misye Yatsenyuk deklare:

“Mwen ta vle pale klè pou m di, non sèlman gouvènman santral la dispoze fè dyalòg avèk rejyon yo, men tou li pare pou l respekte règleman legal yo ak doleyans tout sitwayen nan peyi a. Nan kad aplikasyon nouvo konstitisyon amande a, nou an mezi pou n satisfè souwè espesifik chak rejyon an patikilye.”

Anvan Premye Minis Yatsenyurk te ale nan pati lès Ikrèn, li te di sitiyasyon kap devlope nan rejyon an --kote moun yo ap mande separasyon ak rès peyi a epi pou y al fè pati Larisi-- se rezilta manipilasyon Moskou. Kèk sondaj ki fèt sa pa gen lontan, montre majorite moun kap viv nan pati lès Ikrèn pa dakò pou rejyon an fè pati tèritwa nasyonal Larisi a.

Pandansetan, moun gen kè-sote devan posiblite pou Larisi ta vap fè preparasyon pou l anvayi pati lès Ikrèn, aprè foto avyon l’OTAN te pran, montre yon afè de 40 mil sòlda ris pran pozisyon bò fwontyè ki separe 2 peyi yo. La Mezon Blanch fè parèt yon deklarasyon pou l di Lèzetazini ak alye li yo pare pou yo pran plis sanksyon kont Moskou si li chache konplike sitiyasyon an plis toujou nan Ikrèn.
XS
SM
MD
LG