Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Politik : Prezidan Sena a Konfime Lwa Elektoral la Bloke nan Gran Kò a


Prezidan Sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra --ki pale ak laprès nan jounen mèkredi 9 avril 2014 la- konfime nouvèl ki di yon gwoup palmantè nan gran kò a pran desizyon pou yo pa vote sou pwojè-lwa elektoral chanm depite a deja apwouve depi mwa mas la. Senatè yo di yo pap kapab pwononse yo sou dokiman toutotan pouvwa ekzekitif la pa fòme KEP (konsèy elektoral pwovizwa) Akò El Rancho a prevwa e ki se yon egzijans konstitisyonèl. Daprè yo, san egzistans yon KEP, yap manke kèk eleman enpòtan pou yo fòme yon opinyon sou operasyon elektoral la.

Ayiti toujou: Prezidan Michel Martelly te akonpaye, nan jounen 9 avril la, kòmandan jeneral John Kelly, ki sòti nan Kòmandman Sid lame Lèzetazini an, pou yo toune kote yo te vizite, antwòt, yon pwojè ke kòmandman sid la apiye ak lòt travay enfrastrikti otorite ayisyen aktyèl yo ap reyalize gras ak kontribisyon gouvènmann ak pèp ameriken an. Misye Martelly ak Kòmandan Kelly te fè deplasman an ansanm avèk anbasadè Lèzetazini an nan Pòtoprens Pamela White. Objektif youn nan pwojè yo vizite yo, se prepare moun pou yo pwoteje tèt yo e evite/limite dega nan ka dezas natirèl.

===========================================

Ayiti/Sena-Polis
Nan yon rankont direktè jeneral polis nasyonal d Ayiti a (PNH), Godson Aurélus, fè avèk kèk senatè nan jounen mèkredi 9 avril la, li reponn, antwòt, kesyon Senatè Francky Exius sou travay lapolis ap fè pou rezoud divès ka kriminèl ki poze nan peyi a nan 2 zou 3 mwa ki pase yo, epi anpeche repetisyon ka sa yo. Misye Aurélus fè konnen PHN se yon antite kap devlope toujou e lap fè gwo efò pou l respekte deviz li ki se « Pwoteje e Sèvi ».

Kongrè Ameriken ak Ayiti
Yon sou-komisyon Chanm dè Reprezantan ameriken an òganize yon seyans depozisyon mèkredi 9 avril 2014 la sou fason pou kore enterè Lèzétazini nan emisfè oksidantal la. Seyans depozisyon sa a te konsène bidjè afè etranjè peyi-a pou ane 2015 la.
Asistan Sekretè Deta pou emisfè oksidantal la, Roberta Jacobson, ak administratè adjwen pwovizwa pou biwo Amerik Latinn ak Karayib la nan Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal ( USAID), Elizabeth Hogan, ak vis-direktris ajans la pou menm rejyon an, Elizabeth Hogan, te pran lapawòl devan sou komisyon an. Madam Hogan fè konpliman pou efò otorite yo ann Ayiti ap deplwaye pou mete peyi a sopu wout devlopman ekonomik, pandan yo pran dispozisyon pou kore pwogrè demokratik yo.
Yon lòt pèsonalite ki te fè depozisyon n tou nan okazyon an, sete youn nan depute Eta Florid yo, Ileana Ros-Lehtinen, prezidan komisyon afè etranjè nan Chanm dè Reprezantan an. Madam Ros-Lehtinen pale de yon vizit li te fè, san pa gen lontan ann Ayiti, kote li te byen enpresyone devan sa kap fèt pou devlope ekonomi an avèk plan ki kapab atire envestisman e kreye travay.

Tout Lwa Peyi d Ayiti sou yon USB
Anfen, Chaje d’Afè kanadyen ann Ayiti a, Gilles Rivard, remèt Premye Minis Laurent Lamothe yon « flash disk » oubyen « USB » ki genyen ladan n tout lwa palman ayisyen yo te vote depi endepandans peyi a an 1804 rive jous jounen jodi a. Konpilasyon dokiman sa yo se rezilta yon pwojè kèk bibliyotèk kanadayen ak ameriken te lanse aprè tranblemanntè janvye 2010 la. Bibliyotèk Kongrè Lèzetazini an te jwe yon gwo wòl nan travay rechèch ki te nesesè pou prepare e reyalize pwojè sa a.

Klike sou « koute » pou w devlopman nouvèl sa yo. Prezantasyon Marie-Luce Pierre ak Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG