Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Ensiste sou Enpòtans Edikasyon


Pou Prezidan Obama, edikasyon dwe reprezante yon priyorite pou preparasyon avni Lèzetazini.
Pou Prezidan Obama, edikasyon dwe reprezante yon priyorite pou preparasyon avni Lèzetazini.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, te kite la Mezon Blanch nan fen matine lendi 7 avril 2014 la pou l t ale nan vil Bladensburg, nan Eta Maryland, tou pre Washington, epi pran lapawòl nan lise vil la kote li atire atansyon sou nesesite pou Lèzetazini modènize lekòl lakay li dekwa pou etidyan ameriken yo kapab fè konkirans sou mache mondyal la. Misye Obama di :

« Ane pase a, nou te lanse yon konkou nasyonal pou nou redefini wòl lise yo Ozetazini pou 21èm syèk la, pou ekonomi 21èm syèk la. Se yon fyète pou m di travay di nou-menm isit la fè, bay bon rezilta, paske youn nan ganyan yo se lekòl nan awondisman Prens George la, awondisman pa nou an. »

Misye Obama te kontinye pou l site kèk chif ki montre pwogrè lekòl primè ak segondè yo fè Ozetazini depi ane 2 mil.

« Fondasyon nou te tabli a pèmèt nap mache nan bon direksyon an. Biznis nou yo kreye plis pase 9 milyon nouvo dyòb pandan 4 lane ki pase yo. To elèv lise ki pran diplòm yo se yon to nou pat janm wè nan tout istwa peyi a; to depèdisyon an (sètadi kantite elèv ki kite lekòl san yo pa pran diplòm yo) ap bese; e to elèv latino-ameriken ki kite lekòl san yo pa fin fè tout etid yo, bese de mwatye depi ane 2 mil... »

Prezidan an te pwofite okazyon an pou l anonse 24 gayan yon konkou Depatman Edikasyon Nasyonal Lèzetazini an te òganize sa gen yon lane pou l mete yon sòm total 107 milyon dola a la dispozisyon lekòl segondè ameriken ki fè gwo pwogrè nan 2 zou 3 ane ki pase yo. Lise li te vizite a twouve l nan awondisman Prens George, nan Eta Maryland, youn nan awondisman ki ranpòte konkou a.
XS
SM
MD
LG