Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo Pwomèt Pwochen Eleksyon yo pral Onèt e Demokratik


UN-Haiti
UN-Haiti
Nan seremoni enstalasyon nouvo minis enteryè ayisyen an, Réginald Delva, vandredi 4 avril 2014 la, premye minis Laurent Lamothe ak Misye Delva pwomèt otorite konsène yo pral fè tout sa yo kapab pou yo òganize “eleksyon lib, onèt, kredid e demokratik nan peyi a.” Minis Delva di chèf gouvènman an mèsi pou konfyans administrasyon Martelly-Lamothe la plase nan li, e li pwomèt avèk li Ayiti ap genyen yon ministè enteryè kap travay vrèman pou defann enterè pèp la.

Yon lòt kote, prezidan Chanm Komès d’Ayiti a, Didier Fils-Aimé, ki pale ak korespondan nou Rotchild françois Jr., fè konnen li byen akeyi fòmasyon yon nouvo gouvènman nan peyi a avèk misyon –antwòt- pou l òganize eleksyon ki te dwe dewoule depi lontan deja. Misye Fils-Aimé rejte apèl moun ap lanse pou mande Prezidan Michel Martelly kite popu vwa a. Daprè prezidan Chanm Komès la, sektè kap lanse apèl sa a vle kreye enstabilite nan peyi a – “enstabilite ki pa bon pou devlopman ekonomik, politik e sosyal peyi a.”

Klike sou “Koute”, pou w swiv deklarasyon Premye Minis Lamothe ak Minis Delva pandan enstalasyon nouvo minis enteryè a, epi yon repòtaj Rotchild ki bay reyaksyon Misye Fils-Aimé sou fòmasyon nouvo gouvènman an.
XS
SM
MD
LG