Accessibility links

Breaking News

Vyolans sou Laprès Etranjè nan Afganistan. Bilan: Yon Mò, yon Blese.


Jounalis Kathy Gannon ak Anja Niedringhaus ki viktim yon atak nan pwovens Khost, nan Afganistan, nan jounen vandredi 4 avril 2014 la, yon jou anvan eleksyon jeneral yo. Miss Niedringhasus mouri; Miss Gannon blese grav.
Jounalis Kathy Gannon ak Anja Niedringhaus ki viktim yon atak nan pwovens Khost, nan Afganistan, nan jounen vandredi 4 avril 2014 la, yon jou anvan eleksyon jeneral yo. Miss Niedringhasus mouri; Miss Gannon blese grav.

Daprè nouvèl ki sòti Kaboul, kapital Afganistan, otorite yo fè konnen yon polisye ouvè koutzam sou yon gwoup jounalis etranje byen bonè vandredi 4 avril 2014 la. Bilan: yon repòtè mouri e yon lòt blese –tou lè 2 viktim yo se fanm. Sila ki mouri a se yon repòtè-fotograf almand ki rele Anja Nieddringhaus ; li te gen 48 tan e li tap travay pou ajans nouvèl Associated Press. Atak la fèt yon jou anvan dewoulman eleksyon prezidansyèl, lejislatif e lokal ki fikse pou samdi 5 avril la.

Menm sous la di otorite yo poze arestasyon polisye a aprè ensidan an ki rive nan yon biwodpolis nan pwovens Khost, nan pati lès peyi a. Lòt repòtè ki blese a rele Kathy Gannon ; se yon jounalis Associated Press ki twouve l nan yon kondisyon estab nan yon lopital. Atankan an ba li 2 bal.

Pandan jounalis yo te nan machin yo nan lakou biwodpolis la, kote yo te ale pou yo chache enfòmasyon sou sekirite eleksyon an, youn nan kòmandan polis yo te mache sou yo, li rele: “Alla Akbaw”, sa vle di an arab : “ Bondye Gran”, epi li ouvè koutzam ak yon fizi otomatik AK-47. Nan 3 semèn, se 3èm atak ki fèt sou laprès nan Afganistan nan moman peyi a ap prepare pou dewoulman eleksyon jenaral la. Mouvman Taliban an te fè sèman lap fè tout sa l kapab pou l deranje eleksyon sa a.
XS
SM
MD
LG