Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik /Reyaksyon Depaman aprè Kreyasyon Nouvo Gouvènman an


Premye Minis Laurent Lamothe enstale kèk manm nouvo kabinè ministeryèl la, nan moman reyaksyon diferan pa sispann tonbe sou fòmasyon nouvo gouvènman an –kèk sektè apwouve, kèk lòt kritike. Nan seremoni enstalasyon nouvo minis afè etranjè a, Duly Brutus, Misye Lamothe ensiste sou nesesite pou manm nouvo kabinè a travay kòm manm aktif yon menm e sèl ekip pou fè fas ak defi ki devan nasyon an, nan yon “gouvènman d’ouvèti e d’efikasite”.

Pandansetan, manm sena a eksprime opinyon depaman sou fòmasyon kabinè a. Kèk nan yo, tankou Senatè Andris Riché (Depatman Grand’Ans) ak Francky Exius (Depatman Sid) denonse sa yo konsidere kòm “chwa zanmi ak manm fanmi” pou fòme nouvo gouvènman an; konsa, daprè yo, Prezidan Martelly ak Premye Minis Lamothe pa satisfè vrèman egzijans Akò El Rancho a ki mande “yon gouvènman d’ouvèti” avèk pèsonalite ki merite konfyans. Palmantè sa yo panse ekip ki monte nan tèt leadership peyi a pa pral pote okenn chanjman. Sepandan, kèk lòt senatè, tankou Fritz Carlos Lebrun (Depatman Sid) ak Lucas Saint-Vil (Depatman Nòdwès) byen akeyi kabinè tou nèf la. Yo gen konviksyon pouvwa egzekitif la pran direksyon kap pèmèt otorite yo byen poze pwoblèm peyi a e jwenn solisyon pou yo.

Yon lòt kote, si lidè politik Sauveur Pierre-Etienne (OPL – OganizayonPep kapLite) ale nan menm sans ak 2èm gwoup senatè yo, li atire atansyon sou prezans kèk ansyen militè nan ekip dirijan tou nèf la. Li prese di li pa gen pwoblèm ak nominasyon nouvo minis Jenès ak Espò a, ansyen kolonèl Himmler Rébu ki, daprè li, se “yon demokrat”. Sepandan Misye Pierre-Etienne pale de posiblite pou peyi a konnen sa li rele “yon sounami politik” si prezans ansyen ofisye militè sa yo nan kabinè a (li site minis jistis la, minis enteryè a, sekretè Deta sekirite piblik la ak kolektivite teritoryal yo) ta vle di eleksyon yo pral fèt jan sa te konn pase sou kèk ansyen rejim, sètadi “eleksyon pike-kole”, yon vòt kote rezilta yo fikse davans. Li ensiste sutou sou minis jistis la, Jean Renel Sanon ki, daprè li, pa ta dwe rete nan gouvènman an aprè tout apèl ki leve kont li; Misye Pierre-Etienne menm pale de rapò negatif ki ta sòti nan palman an kont Mèt Sanon.

Klike sou « Koute » pou w tande deklarasyon Premye Minis Lamothe nan seremoni enstalasyon Minis Afè Etranjè a, Duly Brutus ; yon repòtaj korespondan nou Orpha Dessources sou reyaksyon kèk manm sena ayisyen an sou chanjman ki fèt nan gouvènman an, epi opinyon Misye Pierre-Etienne sou fòmasyon nouvo kabinè ministeryèl la.
XS
SM
MD
LG