Accessibility links

Breaking News

Nouvo Gouvènman ann Ayiti nan kad Aplikasyon Akò El Rancho a


Nan kad aplikasyon Akò El Rancho a, Ayiti genyen yon nouvo gouvènman. Nan yon nòt-pou-laprès ki sòti nan biwo kominikasyon primati a, otorite yo prezante nouvo kabinè a kòm yon « gouvernement d’ouverture et d’efficacité ». Laurent Lamothe kenbe plas premye minis la ak plas minis planifikasyon ak kowoperasyon ekstèn. Anbasadè Ayiti nan l’OEA, Dully Brutus, tounen minis afè etranjè. Jean Renèl Sanon rete nan plas Minis Jistis la

Men yon lis konplè manm nouvo kabinè ministeryèl la:

Atik 1:
Sitwayen Laurent Salvador LAMOTHE, Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn;
Sitwayen Duly BRUTUS se Minis Afè Etranjè ak Kilt;
Sitwayen Jean Renel SANON se Minis Jistis ak Sekirite Piblik;
Sitwayen Réginald DELVA se Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal;
Sitwayèn Marie-Carmelle JEAN-MARIE se Minis Ekonomi ak Finans;
Sitwayen Jacques ROUSSEAU se Minis Travo Piblik, Transpò eak Kominikasyons;
Sitwayen Thomas JACQUES se Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral;
Sitwayen Wilson LALEAU se Minis Komès ak Endistri;
Sitwayèn Stéphanie BALMIR VILLEDROUIN se Minis Tourism ak Endistri Kreyatif;
Sitwayen Nesmy MANIGAT se Minis Educasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl;
Sitwayèn Florence DUPERVAL GUILLAUME se Minis Sante Piblik ak Popilasyon;
Sitwayen Charles JEAN-JACQUES se Minis Afè Sosyal ak Travay;
Sitwayèn Monique ROCOURT se Minis Kilti;
Sitwayen Rudy HERIVEAUX se Minis Kominikasyon;
Sitwayèn Yannick MEZILE se Minis Zafè Fanm ak Dwa Fanm;
Sitwayen Lener RENAULD se Ministre Defans;
Sitwayen Himler REBU se Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik ;
Sitwayen Jean François THOMAS se Minis Anviwonnman ;
Sitwayen François GUILLAUME II se Minis Ayisyen kap viv nan Dyaspora a ;
Sitwayèn Marie Carmelle Rose Anne AUGUSTE se Minist Delege bò kote Premye Minis la, anchaje zafè dwamoun ak Lit Kontre la Mizè;
Sitwayèn Marie Mimose FELIX se Minis Delege bò kote Premye Minis la, anchaje pwomosyon Peyizan;
Sitwayen René JEAN-JUMEAU se Minis Delege bò kote Premye Minis la, anchaje Sekirite Enèjetik;
Siitwayen Patrick Sully JOSEPH se Minis Delege bò kote Premye Minis la, anchaje Ranfòsman Pati Politik yo.


Atik 2.-
Sitwayen Henry Robert STERLIN se Sekretè Deta Afè Etranjè ;
Sitwayen Pierre Estanislas Cantave NEPTUNE se Sekretè Deta Sekirite Piblik;
Sitwayen Philippe CINEAS se Sekretè Deta Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon ;
Sitwaiyen Ronald DECEMBRE se Sekretè Deta Finans;
Sitwayen Alfred METELLUS se Sekretè Deta Ekonomi;
Sitwayen Robert LABROUSSE se Sekretè Deta Kowoperasyon Ekstèn;
Sitwayen Michel PRESUME se Sekretè Deta Planifikasyon ;
Sitwayen Stanley HONORAT se Sekretè Deta Entéryè ;
Siwaoyen Deus JEAN-FRANCOIS se Sekretè Deta Afè Politik;
Sitwayen Pierre Michel LUBIN se Sekretè Deta Kolektivite Teritoryal;
Sitwayen Hérold ISRAEL se Sekretè Deta Kominikasyon;
Sitwayen Pierre André GEDEON se Sekretè Deta Anviwonnman;
Sitwayen Michel CHANCY se Sekretè Deta Pwodiksyon Animal;
Sitwayen Fresnel DORCIN, se Sekretè Deta Pwodiksyon Vejetal;
Sitwayen Vernet JOSEPH se Sekretè Deta Refòm Agrikòl;
Sitwayèn Marina GOURGUES se Sekretè Deta Fòmasyon Pwofesyonèl;
Sitwayen Oswald THIMOLEON se Sekretè Deta Alfabetizasyon;
Sitwayèn Colombe Emilie Gessie Menos se Sekretè Deta Tourism;
Sitwayen Gérald ORIOL se Sekretè Deta Entegrasyon Moun Andikape yo;
Sitwayèn Gabrielle HYACINTHE se Sekretè Deta Jenès ak Aksyon Sivik.

Klike sou « Koute » pou w tande reyaksyon yon lidè Sosyete Sivil la, Edouard Paultre, sou fòmasyon nouvo kabinè ministeryèl la e ansuit reyaksyon Senatè Moise Jean-Charles sou Akò El Rancho a, sou lwa elektoral chanm depite a te vote premye avril pase a, epi sou fòmasyon nouvo gouvènman an.
XS
SM
MD
LG