Accessibility links

Breaking News

Rankont Minis Afè Etranjè l’OTAN yo sou Aneksyon Preskil Krime a.


Minis Afè Etranjè l'OTAN yo pandan yo tap kòmanse yon rankont 2 jou pou yo fè deba sou sitiyasyon an nan Ikrèn. Rankont la ap dewoule nan katye-jeneral òganizasyon an an nan Briksèl. (Foto: Premye Avril 2014).
Minis Afè Etranjè l'OTAN yo pandan yo tap kòmanse yon rankont 2 jou pou yo fè deba sou sitiyasyon an nan Ikrèn. Rankont la ap dewoule nan katye-jeneral òganizasyon an an nan Briksèl. (Foto: Premye Avril 2014).
Chèf diplomasi peyi manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a, l’OTAN, reyini nan vil Briksèl, nan Beljik, madi premye avril 2014 la, pou yo prepare yon reyaksyon ki pi solid apre desizyon Larisi pran pou l anekse preskil Krime a, nan Ikrèn nan mitan mwa mas 2014 la. Se pi gwo reyinyon wo-nivo konsa manm l’̈OTAN yo mete sou pye depi kriz la te kòmanse. Jiskaprezan l’OTAN ogmante patwouy avyon li ap fè sou rejyon baltik la e Lèzetazini gen plan pou l fè plis egzèsis militè ak peyi Polòy sou tèritwa polonè a.

Daprè sous diplomatik, minis afè etranjè yo byen kapab deside ogmante egzèsis militè yo an jeneral e menm tabli kèk baz pèmanan nan Ewòp de Lès, swa pi prè fwontyè kèk ansyen peyi ki te fè pati blòk de lès la avèk Larisi. Lendi 31 mas la Moskou te wete plizyè santèn pami sòlda li rasanble sou fwontyè li ak Ikrèn; sepandan li toujou genyen plizyè dizèn milye militè nan zòn nan. Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, pale ak kòlèg ris li a, Sergei Lavrov, pou l di misye prezans twoup militè sa yo kreye yon klima lapèrèz nan peyi Ikrèn.

Nouvèl la fè konnen premye minis ris la, Dimitri Medvedev, ansanm avèk manm kobinè ministeryèl li a tanmen yon vizit lendi sou Preskil Kreme a. Objektif deplasman sa a se chache mwayen pou relanse ekonomi rejyon an kap fè fas ak gwo difikilte. Misye Medvedev pwopoze pou Leta ogmante lajan anplwaye piblik yo ap touche nan Krime, epi pou gouvènman an envesti nan domèn enfrastrikti ak transpò. Se pwomès sa l fè pandan yon rankont ak otorite yo nan vil Simferopol, nan Krime, nan menm jounen lendi a.

« Aprè pèp Krime a, aprè pèp Sevastopol la fin tounen yon pati nan Larisi, yo pa dwe pèdi okenn avantaj. Se pwogrè sèlman yo dwe fè. Se sa egzatteman moun yo ap tann nan men nou… sètadi, pou n kreye kondisyon kap mennen nan yon vi trankil e onorab, kap ban nou konfyans nan lavni, kap ban nou santiman ke nou fè pati yon peyi onorab e fò. Se pou nou satisfè esperans moun yo. Se poutèt sa, chak vis-premye minis, chak manm kabinè ministeryèl la, gen yon responsablite total-kkapital pou l chanje sitiyasyon an nan Krime, chak moun nan domèn pa l. »

Pandansetan, otorite yo nan Ikrèn leve lavwa pou yo denonse vizit Premye Minis Medvedyev ap fè nan Krime a. Daprè otorite yo nan Kyèv, se yon vyolasyon flagran pwotokòl diplomatik la.
XS
SM
MD
LG