Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Premye Minis an Frans : Manuel Valls Ranplase Jean-Marc Ayrault


Nouvo Premye Minis franse a Manuel Valls (a goch) avèk Prezidan François Hollande, nan yon rankont kabinè ministeryèl la ki reyini chak semèn nan vil Pari (Foto: 19 mas 2014).
Nouvo Premye Minis franse a Manuel Valls (a goch) avèk Prezidan François Hollande, nan yon rankont kabinè ministeryèl la ki reyini chak semèn nan vil Pari (Foto: 19 mas 2014).
An Frans, Prezidan François Hollande ranplase Premye Minis li a, Jean-Marc Ayrault, yon jou apre Pati Sosyalis ki sou pouvwa a te sibi kèk gwo defèt nan eleksyon minisipal yo. Lidè franse a nonmen Minis Enteryè a, Manuel Valls, kòm nouvo chèf gouvènman an nan plas Misye Ayrault ki te bay demisyon n apre move pèfòmans sosyalis yo nan eleksyon yo.

Elektè franse yo rejte kandida Pati Sosyalis yo nan eleksyon an ki te dewoule dimanch 30 Mas la. Se eleksyon ki pi enpòtan ki dewoule an Frans depi Misye Hollande te monte sou pouvwa a an 2012.

Administrasyon Hollande la pèdi popilarite seryezman akoz yon ekonomi ki febli, yon to chomaj ki monte byen wo ak deteryorasyon kondisyon lavi popilasyon franse a an jeneral. Pati Sosyalis la pèdi kontwòl 155 vilaj ak vil ki al jwenn pati sant-dwat opozisyon an, tandiske nan 11 lòt minisipalite majorite popilasyon an vote pou Fwon Nasyonal la, yon pati ekstrèm dwat.
XS
SM
MD
LG