Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Repiblik Dominikèn : Afè Denatiralizasyon an devan Komisyon Entè-Ameriken Dwa Moun


Komisyon Entè-Ameriken Dwa Moun nan, CIADH, te òganize yon seyans lendi 24 mas 2014 la sou plent yon gwoup sitwayen dominiken d’orijin ayisyèn depoze devan li kont desizyon 168/13 Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan pran pou l wete nasyonalite dominikèn yo paske paran yo tap viv swadizan ilegalman nan peyi sa a lè yo te pran nesans sou tè panyòl. Anbasadè ayisyen bò kote Oganizasyon Eta Ameriken an (OEA), Duly Brutus, presize gouvènman peyi d’Ayiti a pa genyen anyen pou l wè nan aksyon sa a.

Nan yon entèvyou Anbasadè Brutus bay Jacques Jean-Baptiste, diplomat la eksplike sans aksyon sitwayen dominiken d’orijin Ayisyèn yo pote devan CIADH (Komisyon Entè-Ameriken Dwamoun nan), yon enstitisyon ki, li-menm, diferan ak Oganizasyon Eta Ameriken yo.

Klike sou « Koute » pou w swiv entèvyou Jacques Jean-Baptiste fè avèk Anbasadè Brutus la.
XS
SM
MD
LG