Accessibility links

Breaking News

Akò Entè-Ayisyen. Komisyon Suivi a Optimis.


Komisyon ki responsab suivi aplikasyon akò 3 pati te siyen nan El Rancho a fè konnen l ap travay pou l garanti pati siyatè yo respekte delè 10 jou ki fikse pou aplikasyon kèk pwen enpòtan nan dokiman an.

Youn nan manm komisyon sa a, Pwofesè Rhosny Desroches, prezidan Inisyativ Sosyete Sivil la, fè konnen li gen espwa gwoup la pral satisfè tout objektif yo. Daprè sa li di laprès, komisyon an deja reylize 2 rankont e li voye lèt bay divès pati konsène yo pou fè yo konnen nan ki sans pou rès pwosesis la evolye pou li ka debouche sou siksè final la.

Nap raple ke pami objektif komisyon suivi a, genyen –antwòt : Fòmasyon yon gouvènman ouvèti ; – Amandman lwa elketoral la ak konstitisyon an ;- Chanjman nan fòmasyon konsèy elektoral pwovizwa a.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Renan Toussaint.
XS
SM
MD
LG