Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama nan La Oland. Tèm Diskisyon : Aneksyon Larisi sou Preskil Krime.


Prezidant ameriken an, Barack Obama, ak Premye Minis olandè a, Mark Rutte, aprè yon deklarasyon an tèt-ansnam yo fè devan palman an nan Amsterdam, Oland, nan dat 24 mas 2014 la.
Prezidant ameriken an, Barack Obama, ak Premye Minis olandè a, Mark Rutte, aprè yon deklarasyon an tèt-ansnam yo fè devan palman an nan Amsterdam, Oland, nan dat 24 mas 2014 la.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan vil Lahè, nan La Oland, pou yon rankont dijans lidè 7 pi gwo peyi endistriyalize yo pou yo chache konnen ki repons kominote entènasyonal la dwe bay desizyon Larisi pran pou l anekse Preskil Krime a ki te fè pati peyi Ikrèn, yon fason pou yo izole Moskou plis toujou. Objektif deplasman Misye Obama a, se chache ranfòse apui pou plan Inyon Ewòp la ak Lèzetazini genyen pou yo pran plis sanksyon kont Larisi, epi pote plis asistans ekonomik pou Ikrèn.

Yon ti moman aprè lidè ameriken an fin rive nan Lahè, li lanse apèl bay dirijan peyi mnam G-7 yo pou l mande yo kowòdone repons yap bay Larisi a. Aprè La Oland, misye Obama gen pou l ale nan vil Brisèl, nan peyi La Beljik, pou l rankontre ak lidè Inyon Ewòp la ak peyi manm l’OTAN yo. Pandan prezidan ameriken an te pran lapawòl semèn pase a nan La Mezon Blanch, li te anonse ki mesaj li genyen pou lidè l’OTAN yo. Misye Obama te di:

« Apui Lèzetazini pou alye nou yo nan L’OTAN, se yon apui ki innebranlab. Nou rete kole ansanm; e sa ki kole nou ansanm, se angajman solid nou jwenn nan atik 5 Konvansyon nou an, ki mande pou nou youn defann lòt; se yon seri de prensip nou pataje e ki rive vinn jwenn nou gras ak sakrifis divès jenerasyon te fè. »

Pandan toune Prezidan Obama a ann Ewòp, lap pran kontak non sèlman ak lidè ewopeyen yo, men tou ak dirijan peyi ki sou lòt kontinan. Pa egzanp, pandan li nan Lahè a, li gen pou l rankontre ak prezidan chiwna a, Xi Jiping. Yon bagay anpil obsèbatè twouve enteresan e ra, sè ke Lachin pale pou l lage dout sou byen-fonde aksyon Larisi poze nan Ikrèn nan.
XS
SM
MD
LG