Accessibility links

Breaking News

Ikrèn-Aneksyon Krime: Prezidan Obama Anonse Plis Sanksyon kont Larisi.


Prezidan Barack Obama pandan li tap fè kèk deklarasyon sou Ikrèn nan Jaden Woz La Mezon Blanch la, Jedi 20 mas 2014.
Prezidan Barack Obama pandan li tap fè kèk deklarasyon sou Ikrèn nan Jaden Woz La Mezon Blanch la, Jedi 20 mas 2014.
Lèzetazini repete desepsyon li devan aksyon Larisi poze nan Krime a. Prezidan Barack Obama anonse Washington ap pran kèk sanksyon tout nèf kont Moskou poutèt desizyon Larisi pran pou l fè Preskil Krime a antre nan Federasyon Ris la. Pandan Misye Obama te pran lapawòl sou dosye a jedi 20 mas 2014 la, nan Jaden Woz Lamezon Blanch la, li fè konnen li enpoze nouvo sanksyon sou plis ototite ris ki mele nan okipasyon Preskil Krime a. Prezidan ameriken an di :

« Nou travay an kolaborasyon ak patnè ewopeyen nou yo pou n ka pran aksyon ki pi sevè si Larisi kontinye agrave sitiyasyon an. Nan kad pwosesis sa a, mwen siyen jodi a yon lòd egzekitif ki otorize sanksyon non sèlman sou sitwayen ris, men sou sektè kle ekonomi ris la. »

Prezidan Obama kontinye pou l di yon lòt gwo priyorite administrasyon n nan, se kontinye bay nouvo gouvènman Ikrèn nan asistans pou l ka estabilize ekonomi li e satisfè nesesite de baz pèp ikrenyen an. Lidè ameriken an anonse li gen pou l ale ann Ewòp semèn pwochèn nan pou l patisipe nan somè G-7 la ansnam avèk alye ewopeyen ak azyatik li yo. Anfen, Misye Obama mande kongrè a pase alaksyon rapidman pou l adopte yon lwa ki nesesè pou mete plis èd a la dispozisyon sitwayen ikrenyen yo.

Anvan anons Prezidan Obama fè nan matine jounen jedi a, Lezetazini te pran sanksyon limite sou vwayaj ak aktivite ekonomik ki te konsène 21 pèsonalite ki mele nan aksyon Kremlin an poze nan Ikrèn nan.

Daprè nouvèl yo toujou, Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon trouve l an Ikrèn kote l ap abòde jodi Jedi a ak prezidan pwovizwa peyi a e ak Premye Minis la efò ki nesesè pou mete fen nan kriz ki pete aprè Larisi fin anekse preskil Krime a. Vizit la rive yon jou apre otorite yo nan Ikrèn te prepare yon plan pou yo deplase pèsonèl militè yo genyen nan Krime, puiske rejyon an twouve l kounye a anba kontwòl militè ak milisyen ame ki an favè Larisi.
XS
SM
MD
LG