Accessibility links

Breaking News

Gran Tit Nouvèl nan Kolonbi : Yon bebe 8 Mwa Peze Plis Pase yon Timoun 5 Kan.


Bogota, Kolonbi.- Yon ti bebe 8 mwa ki rele Santiago fè gran tit nouvèl nan peyi-a. Ti Santiago peze plis pase 20 kilogram, ou plis pase 45 liv; sa vle di li 3 fwa pi lou pase yon ti moun nòmal ki gen laj li. Cesar Guevara, yon espesyalis nan syans pedyatrik, bay eksplikasyon sa a:

“ Ti bebe sa a peze menm pwa ak yon ti moun 5 kan; donk li gen 3 fwa grosè nòmal li ta dwe genyen pou yon ti bebe 8 mwa, paske li peze plis pase 46 liv alòske li ta dwe peze 15 a 17 liv.”

Doktè yo plase Ti Santiago nan yon rejim alimantè sevè pou pwa l ka desann rive a apeprè 8 kilogram e yo wete misye nan lèt. Nouvo rejim li a mande pou l manje legim e pou l bwè ji. Manman Santiago t al chache èd nan yon sant charite kap lite kont obezite (sètadi maladi moun ki pi gwo ke nòmal) nan Kolonbi, aprè manmzèl te remake ti bebe li a te gen pwoblèm pou l fè mouvman, tèlman li gwo.

Daprè yon fondasyon ki gen enfòmasyon nan domèn nan, oken rezon medikal pa eksplike poukisa Ti Santiago gwo konsa ; se tou senpleman paske papa l ak manman li ba li twòp manje.
XS
SM
MD
LG