Accessibility links

Breaking News

Dyalòg Entè-Ayisyen / Reyaksyon Pozitif Lafrans, Inyon Ewòp la ak PNUD.


Ann Ayiti, Kominote entènasyonal la kontinye reyaji sou siyati akò ki sòti nan Dyalòg Entè-Ayisyen an. Se konsa, anbasadè fransè a nan Pòtoprens, Patrick Nicoloso, fè konnen li byen apresye le fèt ke Ayisyen antann yo antre yo menm pou yo fè sa ki bon ak sa ki byen pou peyi yo, sitou le fèt ke akò a prevwa eleksyon anvan fen mwa doktòb 2014 la.

Yon lòt kote, anbasadè Inyon Ewòp la ann Ayiti, Javier Niño Perez, ak direktris prensipal Pwogram Nasyon Zini Pou Devlopman Entènasyonal la, Sophie de Caen, siyen madi 18 mas 2014 la yon konvansyon kote yo pran angajman, nan non IO ak PNUD, pou yo apiye òganizasyon pwochèn eleksyon yo. Daprè sa konvansyon sa a prevwa, Inyon Ewòp fè Ayiti kado 5 milyon Euro. Se PNUD ki pral jere lajan sa a kap antre nan yon fon kote lòt bayè de fon yo pote kontribisyon pa yo.

Nouvèl konsènan Akò Entè-Ayisyen an toujou : Prezidan Konferans Episkopal la, Kadinal Chibly Langlois, lanse yon apèl bay tout pati konsène yo pou l mande yo fè efò ki nesesè pou yo aplike akò El Rancho a. Son Eminence Chibly, Kadinal Langlois, lanse apèl sa a nan yon entèvyou eksklizif li bay korespondan Lavwadlamerik nan vil Kap-Ayisyen, Yvan Martin Jasmin, pandan lidè relijye a tap patisipe nan yon fèt patwonal nan Fò Libète.

Anfen, direktè jeneral SONAPI (Sosyete Nasyonal Pak Endistriyèl), Bernard Schettini, nan kad yon vizit gide ki dewoule nan jounen madi 18 mas 2014 la, bay detay sou diferan avantaj sektè endistriyèl la prezante pou ekonomi peyi Dayiti. Daprè Misye Schettini, sektè sa a reprezante yon total 95% tout expòtasyon peyi a.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj avèk Marie-Luce Pierre e Jean-Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG