Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Kontwovès Alantou Akò Entè-Ayisyen an.


Ann Ayiti, pòtpawòl Konferans Episkopal la, Reveran Patrick Harris, fè konnen responsab yo ap travay pou yo distribye kopi legal akò entè-ayisyen an ke 3 pati te siyen Vandredi 14 Mas la nan Otèl El Rancho. Misye Harris fè anons la nan moman reyaksyon depaman kontinye tonbe aprè Pouvwa Egzekitif la, Sena a ak pati politik yo fin siyen akò ki sanksyone dyalòg entè-ayisyen an.

Bò kote pa l, depite Gonayiv la, Sadrac Dieudonne, di blòk Parlementaires pour le Renforcement Institutionnel (PRI) pare pou l konteste siyati prezidan chanm bas la, Jacques Stivenson Timoleon, si toutfwa Misye Timoleon ta siyen akò sou dyalòg entè-ayisyen an. Depite Dieudonne bay detay sou rezon kif è PRI pa dakò pou prezidan lacahnm nan siyen dokiman an.

Yon lòt kote, vis-prezidan pati Fisyon Sosyo-Demokrat yo, Alix Richard, ki reyaji apre 3 pati yo fin siyen akò a, di Lavwadlamerik, Fizyon pral kontinye goumen pou eleksyon dokiman an prevwa pou 26 oktòb 2014 la, se yon vòt onèt, kredib e demokratik.

Anfen -toujou nouvèk ki sòti ann Ayiti-- Mèt Kedler Augustin, pòtpawòl e konseye jiridik Premye Minis Laurent Lamothe, anonse otorite yo ranvwaye pou 8 Avril 2014 la dyalòg bi-nasyonal ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn ki te gen pou deoule nan vil Jakmel nan dat 20 mas kap vini la a.
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj sou nouvèl sa yo avèk Jacquelin Bélizaire e Lyonel Desmarattes
XS
SM
MD
LG