Accessibility links

Breaking News

Gwo Kè-Sote Sekretè Jeneral Ban Ki-moon devan Sitiyasyon an nan Ikrèn


Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon.
Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon.
Sekretè jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, fè konnen li gen gwo kè-sote aprè popilasyon Krime a fin vote pou preskil la kite Ikrèn epi al fè pati Federasyon Ris la, nan yon referandòm ki pwovoke gwo pawòl-anpil nan mitan kominote entènasyonal la.

Pòtpawòl misye Ban nan, Stephane Dujarric -ki tap abòde dosye a madi 18 mas la avèk laprès-- fè konnen sa k bay Sekretè Jeneral la plis preokipasyon an, se le fèt ke, daprè li, referamdòm nan ki bay Krime endepandans li vizavi Ikrèn, pral vin agrave sitiyasyon an. Misye Dujarric di :

“Sekretè Jeneral la ankouraje tout pati konsène yo travay ansanm pou yo jwenn yon solisyon ki repoze sou prensip ki nan Chat Òganizasyon Nasyon Zini an; pami prensip sa yo genyen respè pou inite ak souverènte peyi Ikrèn.”

Sekretè Jeneral Ban Ki-moon, ki fè kòmantè sou referandòm nan, pa ale jiska di vòt la ilejitim. Dirijan ki nan nouvo gouvènman pwovizwa Ikrèn nan, patizan ak asosye entènasyonal yo fè konnen referandòm nan vyole konstitisyon peyi a. Sepandan, Misye Ban lanse apèl pou l mande tout pati nan peyi a ak manm kominote entènasyonal la ki gen enfliyans, evite poze aksyon ki ta kapab fè sitiyasyon an vin pi grav.
XS
SM
MD
LG