Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama anonse plis sanksyon kont otorite Larisi ak Preskil Krime a.


Prezidan Barack Obama ki tap pale de sitiyasyon an nan Ikrèn nan sal de près James Brady a nan La Mezon Blanch (Washington, DC, 17 mas 2014).
Prezidan Barack Obama ki tap pale de sitiyasyon an nan Ikrèn nan sal de près James Brady a nan La Mezon Blanch (Washington, DC, 17 mas 2014).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran lapawòl lendi 17 mas 2014 la nan Lamezon Blanch, kote li di Lèzétazini pran yon angajman solid pou l apiye Ikrèn aprè deklarasyon endepandans Preskil Krime ki te òganinize yon referandòm, dimanch 16 mas la, kote majorite pèp la vote pou Krime kite Ikrèn epi al fè pati Larisi. Lidè ameriken di li konsidere demach sa kòm, antwòt, yon vyolasyon dwa entènasyonal. Prezidan Obama di:

“Referandòm ki dewoule nan Krime a reprezante klèman yon vyolasyon konstitisyon krimeyèn nan, an menm tan ke se yon vyolason lwa entènasyonal; kominote entènasyonal la pa pral rekonèt referandòm sa a.”

Mesye Obama te pwofite pou l bay detay sou yon seri sanksyon administrasyon li a pral pran kont sèten responsab ris ak kèk dirijan ikrinyen.

« Premye dispozisyon mwen pare pou m pran, se otorize sanksyon kont kèk ofisyèl ris e ikrenyen. »

Prezidan ameriken an kontinue pou l di Lèzétazini pare pou l pran nouvo sanksyon kont responsab sa yo, si sa nesesè oubyen si Larisi ta deside agrave kriz la nan Ikrè. Mesye Obama anonse Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, gen pou l tanmen nan fen Jodi lendi a yon vwayaj sou kontinan ewopeyen an, yon fason pou l fè kèk konsiltasyon sou kesyon an.

“ Aswè a, Vis Prezidan Biden pral fè yon vwayaj ann Ewòp dekwa pou l fè chita-pale ak alye nou yo nan l’OTAN epi ak dirijan peyi Polòy, Estoni, Letoni ak Lityani; pandansetan, mwen menm, mwen prale ann Ewòp semèn pwochèn nan avèk yon mesaj klè; paske, antan ke ke alye l’OTAN, nou youn gen obligasyon pou nou defann lòt, e nou pare pou n respekte angajman sa a.”

Lidè ameriken nan fè konnen tou Lèzetazini kanpe fèm bò kote Ikrèn.

« Lèzétazini kanpe djanm ak pèp Ikrenyen an. E li apiye dwa ikreyen yo genyen pou yo detèmine pwòp desten yo; nou pral kontinue travay ak kongrè a e avèk patnè entènasyonal nou yo pou nou bay Ikrèn sipò ekonomik, yon fason pou sitwayen nan peyi a kapab kontinye mennen lavi tou lè jou yo.”

Anons sanksyon Lèzétazini pral aplike kont responsab ris ak ikrenyen yo rive apre Inyon Ewòp la te fin pran menm desizyon an.
XS
SM
MD
LG