Accessibility links

Breaking News

Siyati Akò Politik Entè-Ayisyen an / Analiz ak Kòmantè


Ann Ayiti, pouvwa ekzekitif la, pati politik yo ak sena a siyen Akò El Rancho nan wikenn pase a, pi presizeman nan dat vandredi 14 Mas 2014 la. Nouvèl yo fè konnen akò a fikse premye tou eleksyon pasyèl yo pou 26 Oktòb pwochen. Youn nan pwen ki atire atansyon obsèvatè yo, se le fèt ke okenn reprezantan chanm depite a poko siyen dokiman an.

Sekretè jeneral pati Oganizasyon Pèp kap Lite, Sauveur Pierre-Etienne, ki tap fè kòmantè sou akò a nan mikwo Lavwadlamerik, fè konnen si eleksyon yo pa dewoule nan dat dokiman an prevwa a, sa kapab agrave kriz politik la nan peyi a. Yon lòt kote, avoka e analis politik Camille Edouard pale de konsekans posib sa kapab genyen si Chanm Depite a pa ta aksepte siyen akò El Rancho a.

Klike sou “Koute” pouw swiv yon repòtaj sou akò politik entè-ayisyen avèk deklarasoyn kèk nan patisipan yo (tankou medyatè prensipal la, Kadinal Chibly Langlois ak Prezidan Michel Martelly), epi analiz endepandan kèk espesyalis an syans politik, administrasyon piblik ak dwa konstitisyonèl.
XS
SM
MD
LG