Accessibility links

Breaking News

Petisyon Anfavè Imigran Ayisyen k ap Tann Kat Rezidans yo ann Ayiti


Plizyè militan k ap defann dwa imigran ayisyen ap fè demach pou wè si otorite imigrasyon ameriken ta pèmèt moun ki ann Ayiti k ap tann kat rezidans yo rantre pi vit vinn jwenn fanmi yo Ozetazini.

Linda Dorcéna Forry, depite nan palman Eta Massachusssetts la diskite dosye sa a avèk Lavwadlamerik. Nan yon entèvyou li bay chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César, Madan Forry di yo lanse yon petisyon depi mwa janvye pou ranmase senk mil siyati pou voye bay gouvènman federal la. Objektif petisyon an, se mande responsab ameriken yo otorize ayisyen k ap tann kat rezidans yo ann Ayiti vinn tann li isit Ozetazini. Li presize òganizatè yo preske reyini 5 mil siyati nesesè yo.

Lè yo va atenn chif sa a yo va voye petisyon an bay Homeland Security ak Prezidan Barack Obama pou wè si yo va apwouve demach la. Pwojè petisyon sa a, ki rele Haitian Family Reunification Parole Program, ale nan menm sans ak pwogram imigran kiben yo ki deja ap benefisye opòtinite sa a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute segman Justice USA sa a.
XS
SM
MD
LG