dimanch 19 me 2013, 23:11 GMT

Nouvèl

Prezidan Chavez Retounen Venezuela

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan venezuelyen an Hugo Chavez retounen nan peyi l apre yon tretman pou kansè nan Kuba. Prezidan Chavez ateri nan  kapital venezuelyèn, Caracas. 

Pandan lidè Venezuela a te Kiba li te resevwa radyasyon (chimyoterapi) kont kansè a.
Prezidan pa janm di ak ki tip kansè l ap soufri.

Avan sa, nan semèn nan  mesye Chavez te entèveni an dirèk -pa telefòn- nan yon pwogram televizyon  pou l te demanti bri  kap kouri, kòmkwa li ta mouri oubyen trepase pandan li t ap resevwa tretman nan La Avann.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo