Accessibility links

Breaking News

14 Novanm 2013 : Jounen Mondyal Konsyantizasyon Sou Maladi Dyabèt


Lemond ap make jedi 14 novanm nan “jounen mondyal dyabèt, yon maladi ki afekte apeprè 347 milyon moun sou planèt la, dapre chif OMS ( òganizasyon Mondyal Lasante) pibliye. Disi ane 2030, selon Asosyasyon Amerik Dyabèt la, vè 2030, maladi sa a pral konte kòm 7e maladi pami sila k ap touye moun.

Mèkredi 13 novanm nan, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, te konsakre pwogram Lib Tribin “Dyaloge ak Etazini” li a pou pale e enfòme piblik la sou kòz dyabèt; kouman pou n idantifye li, kijan li ka afekte w, sa n ka fè pou prevni li, viv ak li e evite li fè dega nan ògàn nan kò nou e, sitou, anpeche l touye nou.

Envite Lavwadlamerik yo : dyabetològ Eddy Jean-Baptiste (lap travay nan Sant Prevansyon Medikal e direktè Federasyon Ayisyèn Dyabèt ak Maladi kadyo-vaskilè); Doktè Pierre Blémur (entènis nan Broward Hospital nan Miami, Etat Floride) ak oftalmològ (yon espesyalis zye) k ap travay nan “Visionary Ophtalmology nan Reockville, Etat Maryland , USA. reponn tout kesyon sa yo ak lòt nou kapab genyen. Yo di ki prekosyon ak mezi yon moun ka pran pou pwoteje tèt li e lite anba maladi.

Dapre Fahdimac, dyabèt se yon gwo pwoblèm sante nan peyi Dayiti, kote li frape 7 pousan popilasyon moun ki genyen plis pase 20 tan yo, swa 300.000 kretyen-vivan.

Nou envite w fè yon klik sou lyen ki anba atik la ou sou ikòn ki agòch paj sa a pou n tande pwogram sa a.
Dyaloge ak Etazini sou maladi dyabèt
please wait

No media source currently available

0:00 0:47:40 0:00
Direct link
XS
SM
MD
LG