Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen & Dominiken Fè Chita Pale Sou Entèdiksyon Ayiti Mete Sou Enpòtasyon Bèt Vivan K ap Sòti Nan Repiblik Dominikèn


Yon foto viris H1N1 an (Sous; Sant Kontwòl Maladi Atlanta a (CDC) Ozetazini)
Yon foto viris H1N1 an (Sous; Sant Kontwòl Maladi Atlanta a (CDC) Ozetazini)
Minis Agrikilti peyi Dayiti, Jacques Thomas, rankontre otorite dominiken yo lendi 17 jen an nan Santo-Domingo pou diskite sou komès bèt volay ak ze ant 2 peyi yo. Rankont sa dewoule nan moman otorite aysiyèn yo leve pasyèlman entèdiksyon yo te mete sou komès vyan ak zannimo vivan kap soti nan Repiblik vwazin nan akòz prezans virus A (H1N1) ak H5N2 sou tèritwa dominiken an.

Direktè Seksyon Sante animal nan Ministè Agrikilti, doktè Max Milien, di Lavwadlamerik, Ayiti ap fè fas kounye a ak 2 viris.

Pou sa ki konsène grip avyè a--grip volay la—(H2N5), mesye Milien fè konnen entèdiksyon sou enpòtasyon poul vivan nan Repiblik Dominikèn nan ap rete anvigè jiskaske OPS (Oganizasyon Panamerikèn Sante) bay Ayiti bonjan garanti poulaye ak fèm dominiken kap fè elvaj bèt volay respekte tout regleman sanitè yo.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) presize li pran desizyon entèdi enpòtasyon pwodui tankou bèt vivan kap sòt nan peyi panyòl pou pwoteje popilasyon avikòl ayisyen an.

Direktè branch Sante Animal Ministè Agrikilti a ki ta p reyaji sou 5 ka mòtalite nan Anse-à-Pitre (vil Sidès Ayiti ki sou fwontyè ayisyano-dominikèn nan) akoz viris A (H1N1) an, mande MSPP koumanse reflechi sou ki kalte swen li pral bay popilasyon an sizoka ta gen plis moun enfekte ak viris sa a.

Mesye Milien ankouraje responsab yo kòmanse stoke medikaman ak vaksen epi mete an plas kèk Sant ki pral pèmèt yo entèvni san pèdi tan.
XS
SM
MD
LG