Ekonomi amerikèn nan anrejistre yon kwasans modès nan premye mwa ane 2013 la; yon kwasans ki pi piti pase sa moun te prevwa a.
Gouvènman ameriken an fè konnen pi gwo ekonomi mondyal la pran yon ogmantasyon 2,4 pou san pandan peryòd Janvye a Mas la swa yon bès yon dizyèm de yon pou san pase estimasyon ki te fèt sou kesyon an, sa gen yon mwa.
Sepandan, dènye rapò yo pibliye sou ekonomi Etazini an montre konsomatè ameriken yo pa pote atansyon ak yon ogmantasyon taks 2 pou san ki fèt sou pifò travayè Ozetazini ki te kòmanse nan mwa janvye a; yon taks ki vize finanse pansyon ameriken laj avanse.
Depans konsomatè ameriken yo reprezante 70 pou san nan ekonomi an Ozetazini e gouvènman an fè konnen kwasans 3,4 pou san yo anrejistre nan premye trimès la se pi gwo kwasans moun wè nan peyi a pandan 2 zan ki sot pase yo.