Accessibility links

Breaking News

Kriz Siri a Menase Depase Kad Fwontyè Peyi a / Reyaksyon Washington

Imaj sa a sòti nan yon video ajans nouvèl Ugarit News pibliye. Li montre lafimen ak dife kap monte nan syèl la aprè atak aviyasyon militè Izrayèl te lanse sou Damas 5 me 2013 la.
Imaj sa a sòti nan yon video ajans nouvèl Ugarit News pibliye. Li montre lafimen ak dife kap monte nan syèl la aprè atak aviyasyon militè Izrayèl te lanse sou Damas 5 me 2013 la.
Nan Washington, sitiyasyon an nan Siri pa kite manm kongrè a endiferan, sitou depi nouvèl yo fè konnen aviyasyon militè peyi Izraèl lanse kèk atak sou Siri vandredi ak dimanch, 3 ak 5 me 2013 la. Jiskaprezan, administrasyon Obama a reziste devan lide, pa egzanp, pou li ta patsipe nan etablisman yon zòn entèdi kote avyon siryen pa tap ka vole, kòm youn nan fason pou Lèzetazini ede militan kap goumen kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la.

Rezon otorite ameriken yo bay pou yo kontinye kenbe distans yo vizavi sitiyasyon an nan Siri, sè ke, daprè kèk ofisyèl, sistèm defans ayeryen siryen an kapab atake avyon ameriken ki ta patisipe nan plan sa a. Depite repibliken Tom Cotton, ki tap reyaji sou dosye a dimanch 5 me a nan pwogram televizyon Meet the Press sou chèn televizyon NBC, di 2 atak ayeryen Izrayèl lanse yo, se prèv ki montre yon opinyon konsa pa repoze sou laverite. Depute Cotton di :

“Atak ayeryen izrayèl lanse nan 48 tè ki pase yo, montre sistèm defans ayeryen Larisi bay Siri a pa osi dyanm, pa osi efikas ke laprès di a. Nou ka fè Bashar al-Assad sispann touye pwòp pèp li, e nou ka mete fen nan kèk nan pi move zak vyolans kap dewoule nan Siri yo.”

Menm pwogram Meet the Press la te genyen tou kòm envite senatè demokrat Patrick Leahy. Menm si li rekonèt atak ayeryen Israyel yo montre feblès sistèm defans siryen an, li atire atansyon sou le fèt ke –nap site: “tout aksyon Lèzetazini kapab pran, pap mache san risk.” Senatè Leahy di:

“Pwoblèm ki poze konsènan kesyon pou konnen ki moun pou n bay zam, ki moun pou n pa bay zam, sè ke kèk nan gwoup rebèl yo se militan islamik ki fò, se al-Kayda ak lòt ankò. Nan Libi, nan Lejipt, pa egzanp, ak lòt kote ankò, nou wè se islamis yo kap pran jarèt, se yo kap monte sou pouvwa a.”

Semèn pase a, minis defans ameriken an, Chuck Hagel, te fè konnen administrasyon Obama a ap rekonsidere tout yon seri opsyon –pami yo genyen posiblite pou l ame opozisyon an nan Siri. Misye Hagel te ensiste sou le fèt ke jiskela gouvèvman an potko pran okenn desizyon.
This item is part of
XS
SM
MD
LG