Accessibility links

Breaking News

Nelson Mandela Kontinye Resevwa Tretman pou Maladi Nemoni


Ansyen prezidan sid-afriken Nelson Mandela ap respire pi fasilman kounyela a apre li fin resevwa tretman pou yon malèz ki gen rapò ak maladi nemoni, daprè Mac Maharaj, pòtpawòl prezidans la nan Pretoria.
Misye Maharyaj di:

“Doktè yo detèmine ke misye Mandela devlope sa yo rele “yon efizyon pilmonè” ke yo rive mete sou kontwòl. Kòm rezilta, malad la kapab respire san difikilte. Tretman an ap kontinye; kounyela a Misye Mandela trè eveye, e li nan yon kondisyon kote li santi l byen.”

Ansyen prezidan sid-afriken an, ki genyen 94 zan, twouve l sou 6èm jou li nan lopital la. Vrèmanvre, se mèkredi pase a yo te transpòte l lopital paske l t ap soufri ak yon efeksyon nan poumon.

Doktè te fè previzyon pou di Misye Mandela t ap fin pa gen pwoblèm respiratwa aprè li te soufri ak maldi tibèkiloz pandan otorite yo te mete l nan prizon poutèt li t ap batay kont rejim aparteid la. Li te pase 27 nan prizon.
XS
SM
MD
LG