Accessibility links

Breaking News

Prezidan Venezuela a, Hugo Chavez, Desede Madi 5 Mas la Nan Caracas


Defen Predizan Venezuela a, Hugo Chavez, pandan yon seyans espesyal Asanble Nasyonal venezuelyen an nan okazyon komemorasyon endepandans peyi li, 5 jiyè 2012. (foto achiv)
Defen Predizan Venezuela a, Hugo Chavez, pandan yon seyans espesyal Asanble Nasyonal venezuelyen an nan okazyon komemorasyon endepandans peyi li, 5 jiyè 2012. (foto achiv)
Otorite peyi Venezuela yo fè konnen prezidan Hugo Chavez mouri apre yon lit byen long kont maladi kanse.

Visprezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro, anonse lanmò prezidan Chavez sou Televizyon Nasyonal venezuelyen an madi apremidi. Vis prezidan Maduro mande pèp venezuelyen an pou l montre fòs ak kouraj li, e pou li rete ini e reyalize atant “gran lide sa a,” setadi msye Chavez, deklarasyon visprezidan Nicolas Maduro.

Msye Chavez, ki te gen 58 tan, tap resevwa tretman pou maladi kansè nan Cuba avan l te retounen nan Caracas nan mwad fevriye pase a. Resamman, otorite yo te rapòte Msye Chavez t ap soufri ak yon enfeksyon apre tretman chimyoterapi li te sibi nan yon lopital militè nan Caracas, kapital Venezuela.

Msye Chavez te gen kansè nan pelvis. Yo pat wè l an piblik depi mwad desanm ane pase, e li te rate seremoni envestiti li pou yon 4e. manda nan mwa janvye 2013 la akòz eta sante l ki pat anfòm.

Madi 5 mas la, Visprezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro, akize lenmi peyi li a yo deske se yo menm ki atake prezidan Chavez avèk kansè. Sepandan, msye Maduro pat bay plis detay sou akizasyon sa a.

Prezidan Chavez se pitit-gason yon pwofesè lekòl. Rèv li se te pou l vin yon jwè bezball pwofesyonèl. Sepandan, li te chwazi fè yon karyè nan lame kòm yon parachitis. Hugo Chavez te pran prizon an 1992 poutèt li te dirije yon koudeta rate kont prezidan nan epòk la, Carlos Andres Perez. Msye Chavez te eli prezidan an 1998. Li te pwomèt pou l elimine lamizè ak koripsyon nan Venezuela.

Opozisyon Venezuelyen an te akize Hugo Chavez deske l te tounen yon diktatè. Sepandan, plizyè milyon moun pòv nan Venezuela adore msye Chavez paske li ede yo jwenn manje bon mache, swen-sante gratis e poutèt li mete sou pye plizyè program sosyal.

Menm madi 5 mas la, Venezuela mete deyò nan Caracas 2 diplomat ameriken otorite yo akize dèske yo tap rankontre ak ofisye militè venezuelyen e tap fè konplo pou destabilize gouvènman venezuelyen an.

2 diplomat ameriken yo, se atache militè nan anbasad ameriken an nan Caracas, e yo se manm lame de lè Lèzetazini. Depatman defans ameriken (Pentagone nan) pa fè komantè sou ekspilsyon 2 diplomat yo, eksepte Pentagone nan konfime tou 2 diplomat otorite Venezyelyen yo ekspilse yo deja kite Venezuela.
XS
SM
MD
LG