Accessibility links

Breaking News

Itali Politik: Aprè Eleksyon Lejislatif yo, Okenn Pati Poko Ka Kriye Viktwa


An Itali, eleksyon lejislatif yo fini san moun poko ka di egzatteman ki pati ki ranpòte laviktwa: sa pare chemen an pou yon batay politik dewoule nan jou k ap vini la yo, kote gwoup ki gen enterè diferan pral redi pou konnen kilès ki pral fòme yon gouvènman kowalisyon.

Kowalisyon sant-goch la, ki gen nan tèt li Pier Luigi Bersani, pase men pran plis vwa nan cham bas la (swa 125 mil vòt, oubyen 29, 55 pou san) ; se apèn yon fraksyon pousantaj an plis pati ki genyen kòm dirijan ansyen premye minis Silvio Berlusconi ki panche sou kote dwat politik italyèn nan.

Sipriz elektoral: yon mouvman ki gen nan tèt li komedyen Beppe Grillo --e ki gen tinon jwèt Mouvman 5 Etwal-- rive ranpòte 3èm plas la nan chanm depite a. Daprè obsèvatè yo, se yon siyal ki montre kijan sitwayen italyen yo pa kontan ak fason òm politik yo ak fanm politik yo ap mennen bak peyi a, menm jan yo gen kè-sote devan sitiyasyon ekonomik malouk Itali ak travèse jounen jodi a.

Jiska byen bonè nan jounen madi 26 fevriye a, rezilta definitif yo potko tonbe pou 2 chanm yo, menmsi pati Misye Berlusconi an byen plase pou l pran devan lòt yo.Yon kowalisyon bezwen 160 plas nan Sena a pou l jwenn yon majorite ki kapab dirije peyi a; e sanble Silvio Berlusconi pap jwenn tout apui ki nesesè pou l tounen premye minis italyen yon 4èm fwa.
XS
SM
MD
LG