Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid: Prestasyon Sèman Park Geun-hye kòm Premye Fanm Prezidan Peyi a


Nan Kote di Sid, Park Chung-Hye, pitit-fi ansyen prezidan diktatè Park Chung-hee, prete sèman kòm nouvo prezidan peyi a; se premye fanm ki monte nan tèt pouvwa a.

Devan yon foul 70 mil moun ki te reyini nan kapital la, Sewoul, Madam Park prete sèman pou l tounen 11èm prezidan Kore di Sid depi separasyon peyi a ak Kore di Nò an 1948.

Nan mesaj nouvo lidè a mete devan pèp sid-koreyan an, li fè konnen:
“Pwogram nikleyè Kore di Nò a reprezante yon menas pou avni tout pèp koreyen an.” Li kontinye pou l lanse yon avètisman bay Pyongyang kote li di –nap site tou: “Gouvènman m nan pap tolere okenn aksyon ki ta menase Kore di Sid.”
XS
SM
MD
LG