Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidant Kòporasyon Pou Envestisman Prive Aletranje a Lendi Ann Ayiti


Yon mesye ak mato nan men li nan yon kan deplase nan vil Pòtoprens, Ayiti, (fevriye 2012, Ayiti foto achiv
Yon mesye ak mato nan men li nan yon kan deplase nan vil Pòtoprens, Ayiti, (fevriye 2012, Ayiti foto achiv
Mme. Elizabeth L. Littlefield, prezidant e direktris ekzetif Kòporasyon Pou Envestisman Aletranje (OPIC) ap rive lendi 25 fevriye a ann Ayiti nan tèt yon delegasyon reprezantan gwoup la nan peyi karibeyen an pou y al fè chita-pale ak dirijan ayisyen yo e evalye pèspektiv envestiman nan kèk domèn devlopman enpòtan, tankou enfrastrikti, enèji, sekirite alimantè ak lasante.

Pandan vizit li a, madam Littlefield pral lanse tou yon inisyativ lojman pou plizyè fanmi ki pa genyen gwo mwayen. Plis pase 4 mil ayisyen pral benefisye inisyativ sa a ki apiye prè ipotèk ki pa twò wo ak prè pou fanmi ki pap reyalize gwo lajan ak ti antrepriz pou ede yo repare dega yo sibi ou ki te afekte nan tranblemann tè janvye 2010 la.

OPIC deja ede rebati yon izin farinn enpòtan pou popilasyon ayisyen an ki te kraze nan goudougoudou 2010 la. Rekonstriksyon minotri a, ki rebati dapre kòd anti-sismique deja ogmante kapasite pwodiksyon izin nan, gras ak ekipman modèn ki enstale ladan. Rekonstriksyon an kreye 150 nouvo djòb e l ogmante òf ak distribisyon farin nan peyi a.

Kòporasyon Pou Envestisman Prive Aletranje-- yon Enstitisyon finans pou devlopman gouvènman ameriken an--mobilize kapital prive pou ede leve defi devlopman yo e atravè demach sa a li kore politik etranjè Lèzetazini. E puiske OPIC ap travay ak sektè prive ameriken an, li ede antrepriz ameriken yo genyen pye yo plante nan mache "emèjan yo" kap kreye revni, travay ak opòtinite kwasans alafwa Ozetazini e aletranje.

Vizit madam Elizabeth L. Littlefield Ayiti a ap bout 28 fevriye.
XS
SM
MD
LG