Accessibility links

Breaking News

Difikilte Sante Yo ap Kontinye Pou Prezidan H.Chavez


Yon gwo responsab venezuelyen fè konnen prezidan Hugo Chavez toujou gen anpil difikilte pou l respire apre dènye operasyon li sibi pou kansè nan Kiba a, sa gen 2 mwa.

Jedi apre midi, minis enfòmasyon Venezuela a, Ernesto Villegas, bay yon « nouvo kont randi sou kondisyon sante prezidan venezuelyen an e li deklare pwoblèm respirasyon ki te parèt aprè operasyon an ap pèsiste e tandans la pa twò favorab. Donk misye Chavez kontinye ap resevwa swen. Tretman medikal pou maladi prensipal li a ap rapouswiv san okèn move konsekans, di mwens, pou kounye a.

Msye Chavez ap resevwa swen nan yon lopital militè nan Venezuela. Li te retounen lakay li lendi aprè 2 mwa tretman nan Kiba kote li te sibi dènye operasyon pou kansè li a. Okenn moun pa janm wè msye Chavez an publik depi dat entèvasyon medikal sa a.
XS
SM
MD
LG