Accessibility links

Breaking News

Gè Sivil la Kontinye Ap Pran lavi Moun nan Siri


Yon gwoup dwazimen ann egzil fè konnen yon seri eksplozyon bonm nan Damas, kapital Siri, touye 83 moun pou pi piti e blese plis pase 60 lòt toupre katye jeneral Pati Baas ki sou pouvwa a.

Pifò viktim yo se sivil—e pami yo gen anpil timoun ki te nan yon lekòl touprè sit atak la, san bliye 17 manb fòs sekirite a. Obsèvatwa Siryen Dwazimen an apa eksplozyon ki fèt touprè katye jeneral Pati Baas la gen tou 3 machin pyeje ki sote e touye 22 moun nan distri Barzeh, nan nò Siri, ki se syèj Ajans Sekirite siryen an.

Pifò moun ki mouri nan atanta sa a se sòlda. Atak sa yo fè tout plizyè santèn blese. Obsèvatè yo fè konnen jedi 21 fevriye a se youn nan jou plis san koule nan Damas depi lagè sivil kap sakaje Siri depi preske 2 zan an
XS
SM
MD
LG